Mwen kontan wè kèk moun isit kòmanse konprann ke gen yon standard yo ap chèche e bezwen respekte, yo pap ka ofri li, la si yo deside fè bagay yo pou kont yo.
Quality standard koute chè.
Jiyè 208, pandan mwen te Boston ak kèk zanmi, mwen fè youn nan yo filme mwen kap chante mizik "Manje'l Deja", epi mwen mete ti videyo a sou Facebook.
Ti videyo sa vin viral, akoz medam ayisyèn yo te renmen sa yo koute a, yo plede pataje li, epi se konsa mizik la vin ap fè chif.
Mwen upload li sou Youtube an janvye 2018, mwen te fè yon ti videyo sou windows movie maker ak kèk foto mwen epi mwen mete li sou Youtube.
A lepòk, nou pat gen kòb pou'n te fè videyo mizik sa.
Se Abdyas ouswa Smidy nou te vle ki pou te fè videyo sa pou nou, men pat gen mwayen
Pipo Beat, youn nan pi gwo beatmaker ayisyen yo, te chwazi pwodwi beat Konpa/Zouk sa pou mwen.
Nan ete 2017 la, mwen rantre nan estidyo, mwen re-chante menm pawòl "Manje'l Deja" yo, men ak yon tempo ki pi ba e ki ale nan tandans konpa.
Mwen sòti mizik sa an novanm 2017
Mwa mas ki sot pase a la fè 10 lane depi ke mwen te enspire e ekri mizik "Manje'l Deja".
Mwen te sòti yon premye vèsyon mizik sa an jiyè 2016, sou yon beat mwen te achte an liy pou $25 yo.
An 2017, sou konsèy manadjè mwen, m ta pral sòti yon lòt vèsyon mizik sa sou beat konpa