Mèsi a Grenadye nou yo pou emosyon ! Pou linyon ! Pou tèt ansanm ak lanmou nou mete nan mitan pèp la !
Nou pèdi yon match, men nou genyen kè tout yon pèp.
Nou pèdi plas nan dezyèm faz la, men nou kalifye dofis nan kè tout yon nasyon !
Mèsi.
Nan yon nouvo epizòd “FHF: KOUP DI MOND 2026”, n ap dekouvri yon lòt fasèt nan lavi Grenadye yo.
Jérémy Guedj, preparatè mantal seleksyon an, pataje vizyon li sou gwoup la. Li pale de solidarite, lespri konba, konfyans ak bon jan relasyon ki egziste ant mesye yo.
Rezilta a pa t sa nou te swete a. Respè pou Grenadye yo ki kontinye goumen pou Ayiti sou sèn mondyal la.
Mèsi ak tout fanatik ki kontinye sipòte ekip la nan bon moman tankou nan moman difisil yo. Yon dènye batay rete pou nou jwe.
🗣️📢 Menm lè pye m santi m pap koupe l jete, menmsi ta fè m wont nan sosyete. Alò, m pa gen nil dwa pou m pa chofe Ayiti, menm si l ta fè m wont nan koup dimond lan.
#Haiti
@IsidorWilson@Clifford_Xy Legend approved... 📝💯... Haiti for life.... Keep it like that... @nazon28 ou nan kè m tou wi bro... Nan viktwa 3-3 lè w bay Navas gòl bisiklèt, m kraze yon boutèy JP Chenet...
Yon jèn gason vanyan, ki deside bay tout fòs li pou peyi l, pou mete souri sou vizaj pèp li, epi fè drapo a flote pi wo chak fwa l antre sou yon teren foutbòl. Mèsi Grenadye, Alexandre Pierre, paske w pote koulè Ayiti ak diyite.
Li pa t chwazi chemen ki pi fasil la, li chwazi onè a: sèvi Ayiti. Chak match se yon batay pou fè drapo a briye pi fò, pou fè pèp la pi fyè dèske l te mande pou ou.
Mèsi paske w di pèp ou: MEN OU, OU LA !
Tankou chak kanton te konn gen grandèt pa l, vestyè Grenadye yo gen pa l tou: Nazon. Yon lidè, yon sòlda, yon gason ki toujou pare pou pran kou pou lòt yo ka rete kanpe djanm. Yon mantalite bout fè ki chwazi Ayiti yè, jodia, e k ap toujou chwazi l demen. Mèsi pou sakrifis ou!