🍪 COOKIE sou ENTÈNÈT : Konprann yo senp manyè
1 _ Lè w ap navige sou entènèt, ou souvan wè mesaj: “Aksepte cookies yo”.
Men kisa “cookies” sa yo ye vrèman, e poukisa yo enpòtan konsa ?
Cookies yo se ti fichye ki anrejistre sou telefòn ou oswa òdinatè w lè w vizite yon sit entènèt.
Yo pèmèt sit la “sonje” kèk enfòmasyon sou ou.
2_💡 Poukisa yo sèvi ?
Cookies yo ede sit yo :
Sonje ou lè w retounen 🔁
Kenbe preferans ou (lang, paramèt) ⚙️
Kenbe sa ki nan panyen ou 🛒
amelyore eksperyans ou sou sit la
3 _ 👤 Egzanp senp
Ou konekte sou yon sit, ou fèmen li, apre ou tounen ankò…
👉 Gras ak cookies yo, sit la rekonèt ou san ou pa bezwen re-konekte.
4 _⚙️ Diferan kalite cookies
🟢 Cookies esansyèl : pou sit la mache byen
🟡 Cookies konfò : pou fasilite itilizasyon
🔴 Cookies swivi : pou analize sa w ap fè epi pou piblisite
5 _⚠️ Poukisa yo mande “aksepte cookies” ?
Paske gen cookies ki ka swiv aktivite ou sou entènèt.
Se poutèt sa lalwa mande sit yo pou yo mande konsantman ou.
6 _ 📊 Poukisa sit yo itilize yo ?
Yo sèvi pou :
Konprann kijan moun itilize sit la
amelyore sèvis yo
montre piblisite ki adapte ak enterè ou.
7 _🧠 Ki moun ki envante cookies yo ?
Cookies yo te kreye an 1994 pa yon enjenyè ki rele Lou Montulli.
Objektif la se te fè entènèt la kapab “sonje” itilizatè yo.
8 _🍪 Poukisa yo rele yo “cookies” ?
Non an soti nan yon ansyen tèm enfòmatik ki rele “magic cookie”.
Sa vle di yon ti pake enfòmasyon ki ede yon sistèm rekonèt yon lòt.
9 _ 🌐 Poukisa mesaj la pa parèt sou tout paj ?
Paske lè w fin aksepte oswa refize cookies yo, sit la anrejistre chwa ou.
👉 Donk li pa bezwen mande w chak fwa.
10 _🍪 Poukisa mo “cookie” ?
Se yon metafò :
cookie enfòmatik = ti moso done
cookie (biskwit) = ti moso manje
👉 Se yon fason senp pou eksplike yon bagay teknik.
11 _🌐 Poukisa mesaj la pa parèt sou tout paj ?
Paske lè w fin aksepte oswa refize cookies yo, sit la anrejistre chwa ou.
👉 Donk li pa bezwen mande w chak fwa.
🔚
Cookies yo enpòtan pou entènèt modèn lan.
Yo fè navigasyon pi fasil, men yo soulve kesyon sou vi prive ak swivi sou entènèt.
Jodia li se yon soufrans demen lap yon senp souvni pa bay tèt ou pwoblèm pou sa wap viv jodia se yon etap ki sou wout siksè ah��plis kouraj epi pasyans ✅🤝