Dènye mizajou sou dosye TPS Ayiti – 15 Jiyè 2025
Jij Brian Cogan fèk rantre yon nouvo lòd nan dosye TPS Ayiti a. Men kisa li mande epi di :
1.Jij lan di epi rekonèt ke tout lòt reklamasyon yo nan dosye a anile volontèman pa plaintif yo paske li te deja bay yon viktwa sou reklamasyon prensipal la (pou anile desizyon ki tapral fè TPS Ayiti fini anvan 2026). Sa vle di tribinal la ka finalize ofisyèlman dosye a avèk yon jijman final epi yo prevwa fè sa.
2.Jij lan bay gouvèn an jiska 18 jiyè 2025 pou reponn lèt avoka plaintif yo te voye aswè a. Jij lan di si repons gouvènman an klè epi li adrese tout sa plaintif yo soulve nan lèt yo a, Jij la ka anile odyans lan san li pa pwograme okenn lòt dat (“sine die”).
3.Tribinal la mete yon randevou pou 22 jiyè 2025 a 10:00 AM devan Jij Cogan pou adrese reklamasyon plaintif yo epi si tout fwa repons gouvènman an pa reponn tout sa plaintif yo kesyone yo. Men si yo reponn tout, lap anilel. Ann rete tann pou nou wè kisa gouvènman an ap reponn 18 Jiyè.