Valè ak respè se 2 frè ki toujou mache an pè (a 2) youn pa janm separe de lòt. Depiw wè youn yon kote lòt la pa lwen
Kidonk siw ta remake respèw ap miltipliye yon kote se paske valè ap ogmante, siw ta wè tou lap desann se paske valèw ap diminye
✍🏾 @jeff_wesner
Ae yon gwo kesyon ou poze la wi
Men kounya se pa sèlman reponn paske kalite antreprenè nou gen isit yo se #volè yo ye pitò ladan yo
Kesyon :
Koman nou ka chanje sa?
Tout sa wap fè:
1- Fèl byen (toujou pran tanw pran sanw pouw fèl)
2- Fèl ak kè (Pa fèl ak neglijans)
3- Fèl ak pasyon (Pa fèl pou yon enterè)
4- Fèl ak disiplin (Fèl ak yon objektif epi travay sou li chak jou)
#konsèy#conseil#vinnaprann
Koman pouw moute yon pwojè?
Se tankou yon moun kap fè dife poul fè manje. Li pran chabon, bwa pen, alimèt. Li limen bwapen an epi sanble chabon yo sou li apre sa li tann li pran, e sil ta pran tan poul pran, li vantel jiskaske li pran🔥
Ou konprann?
Komsi pou nèg yo gen yon #PNH ki gen plis ke 30 an, yo pa janm striktirel, ni bal fòmasyon ak ekipman poul travay
Neg yo gen yon #lame refòme depi kèk lane, yo pa janm fè bon jan rekritman ni envestisman ladanl poul travay byen…
Epi kounya se #BSAP kap jere koze ensekirite 😂