Anyen p ap chanje, se trip m vin trip isi a, m pa vin bif, ni chèche fanm. Si w pran twit mwen yo serye, epi w ta fache se an 2026 sa a nou pral jwenn LGMM. 😫😂
Lè m vin konnen kijan moun dwe fè spò epi tout sa ki vini avèl ,tankou alimentasyon w ect. Mvin reyalize ke m fè anpil tan se dèyè lafyèv mtap kouri😂😂😂
@Kel__509 Klè.
Dènyeman m al eseye bench press (se pa bagay m te konn fè) ak 35 lbs, li manke tonbe sou mwen wi.
Chak ane m di fò m met pwa sou do m (nan vwa Hans), m pa janm fè sa. BonDye sanble pat fè m pou m gwo nèg.😭
@Kel__509 Monchè oooh, se:
Anpil cardio
Core/abs chak jou m ale.
Anpil egzèsis ak pwa kò m (bafiks, push up, kèk mouvman “calisthenics”)
Epi lè m travay ak pwa, se bagay 10,15,20,25 lbs. (Nan dumbbell incline chest press m ka jere 30 a 32.5 lbs la)
@Van_Bast3n Zanmi kote m gen tan ap veye sa pou m manje ou pa, oubyen a Kilè pou m fè sa.😭🤣
Epi w eklere anpil wi, nan tout sa m manje yo, gen nan yo k gen pwoteyin kanmenm monchè.😀
Se bagay mwen wè moun ap achte poud pwoteyin lan m pako ladan l.😫🤦🏿♂️