Gen de seri bagay ki rive w nan lavi, ou konn anvi mande Bondye lanmò, men lè tan an fin fè wout li, ou vin reyalize ke se pi gwo byen sak te rive w la te ye.
Se pi devan wap konprann POUKI 😃
Li pi fasil pou w viv ak yon fanm ki gen PYE LEJÈ sitou si w gentan konnen ak ki moun ou annafè,
Men li difisil anpil pou w viv ak yon fanm ki non sèlman PYE LEJÈ, men ki SANWONT an menm tan.
Lè PYE LEJÈ a melanje ak SANWONT lan, se dènye dimansyon pwazon an.
Depi w kontante w nan ramase ti miyèt kap tonbe anba bouch moun kap manje, gen posiblite pou w pa janm gen asyèt manje pa w.
Kite relasyon moun yo mache SANWONT 😡