Bref #Analiz#Thread 🇭🇹
Sou tèren operasyon sa, identisye ki se menm nan tout foto yo. Gras ak makè koulè: vèt🟢, rouj🔴, ble🔵.
1- Deja nou ka identifye ke se te yon konba ki te difisil epi ki te pran anpil tan, koz menm nwit te gentan tonbe, m ka di sa paske menm gen “imagerie nocturne���
Nan videyo a, konba a plis konsantre li sou kay ki gen makè ble🔵 an. Focus dwon lan te plis sou li, ki vle di : ke se pa fòs lòd yo ki te ladann l’.
2- Nan preske tonbe lannwit, nou ka identifye, yon projektil ki lanse, ki soti nan nan menm kay sa, (make ble🔵) epi ki fè direksyon kay ki make vèt🟢 lan. Kòm se bandi ki te nan kay lan, sa vle di li pwobab pou se bandi yo ki te tire pwojektil lan nan moman sa yo.
(gras ak yon lojisyèl)
Dapre analiz videyo (30 imaj/segond), pwojektil la parèt anviwon 0,07 s epi li travèse imaj la nan zòn 0,15–0,20 segond. Li kouvri anviwon 400–500 piksèl, sa bay yon vitès vizyèl estime anviwon 2 500–3 500 piksèl/s. ⚠️ atansyon: m’ap pale de vitès vizyèl estime gras ak piksèl/s, sa pa vitès reyèl. M paka kalkile vitès li, paske m paka estime okenn “distans” fyab nan videyo a.
Antouka se yon pwojektil ki ase rapid. Men m paka pran ipotèz “rokèt, RPG…” lan koz menm si yo varye, m pa gen done presi sou vitès lan, epi m twouve gen yon trene ki anamòl deyè pwojektil lan. Donk li ka yon rokèt atizal, yon senp fize eklerant ke yo trafike oubyen menm yon « Projectile défectueux»
Men ankò yon lò fwa, sa moutre ke gang sa ap pran plis inisyativ. Nou pa dwe rete san reyaji, nou dwe modènize epi ekipe @forcesarmeesht, se yon nesesite!
3- Posib nan fen operasyon an, gen yon elikoptè ki vole de fason “évasive” ou “au ras du sol” pou ale sou kay make ble 🔵 an, pou li petet depoze ajan👮🏾♂️ sou sol lan.
Nan angajman m genyen nan batay EDE ap mennen pou rekonstui yon Ayiti nan dimansyon listwa laglwa l la, Mwen 99 fwa plis motive pou yon senp rezon paske koz batay EDE ap mennen an li jis, enèji k ap degaje nan pati politik EDE a pozitif.
Vini angaje avèk nou nan gwo pwojè sila.
Mwen te akonpaye Komite direktè Depatmantal EDE nan Sid ki t ap fikse pozisyon yo sou sityasyon peyi a. Nou renouvle angajman ak detèminasyon n nan batay pou n fòse gouvènman Ariel Henry a tande rezon.