🔴 PEYI AYITI se pou pèp AYISYEN..
Yap kontinye teste pou wè si nou Lach vre..
Se Moman pou nou bay yon repons KACHHH.
Pèp la mande elimine GANG,LETA livre Ayiti bay GANG...
Nou pa gen ZAM nan men nou,nou paka bay tèt nou Sekirite.
•La voix du peuple,c'est la voix de Dieu‼️
Nou kenbe pwomès nou…
Nou detwi kay Lanmò San Jou ak katye jeneral gang 400 Mawozo a.
Pifò ladan yo kouri ale san yo pa menm eseye goumen.
Ala lach yo lach! 🥲
WENDYYY SE PI PLIS PASE YON RAPÈ KOMÈSYAL. SE YON ATIS KI KONN VANN TOUT DIMANSYON LI YO.
Wendyyy beyond commercial!
Chak album li soti, li vann yon pati nan tèt li, yon pati nan atistik li. E se youn nan bagay ki fè mwen konsidere l kòm yon atis ki gen yon dimansyon anpil moun poko fin dekouvri.
1 )Pou mwen, Wendyyy se youn nan rapè ki konn eksprime lanmou pi byen. Lè w pran Lento, M’Aprann, Pa K Viv Avè l, Se Pa Pou Dat, Bonnie and Clyde, Pou Ou, Sans Condition ak Crush La, ou jwenn yon atis ki konn pale de lanmou, atachman, vilnerabilite ak relasyon amoure.
2) Li se yon Frik
Li ka yon frik, yon nèg ki pale de dezi, seksyalite ak relasyon ant gason ak fanm. Nan mizik tankou All on Me, Jan w Renmen l Lan, Manipilasyon, Livrezon, ou dekouvri yon lòt fas li.
Men, lè li deside pale pou peyi a, se yon lòt dimansyon ankò. Ayibobo, Se Pa Lè Pou Kay Blan, Ap Gen Yon Lòt Dat ak ASE montre li kapab mete reyalite sosyal, refleksyon ak kesyon ki depase senp amizman nan mizik li.
Lè w antre nan Konseye, Frankétienne, Two Ta, Okay ak Stoïcien, ou jwenn yon Wendyyy ki mande plis atansyon nan men moun k ap koute l. Gen jwèt mo, referans, lide ak refleksyon ki merite plis pass yon senp tande . Li montre nan ki pwen li kiltive a travè referans kiltirèl li tou.
Epi se la bagay la vin enteresan.
Traka se yon pati nan istwa anpil nan premye fanatik Wendyyy yo. Se youn nan aspè atistik li yo ki make yo anpil. Se sa ki fè, chak fwa li soti yon pwojè san Traka, w ap toujou jwenn fanatik k ap mande l pou li
Lè w tande yon mizik ki chaje ak gwo mo, jwèt lespri ak refleksyon, ou ka rekonèt Traka. Men, se pa paske Traka diferan de Wendyyy nan sans li se yon lòt moun; se paske Wendyyy rive kreye yon idantite atistik apa pou dimansyon sa a.
Se sa ki fè mwen di, si w pa konsome Wendyyy toutbon, si w pa pran tan pou w antre nan katalòg li, ou ka pase akote yon gwo pati nan atis li ye a.
Ou ka konnen hit yo, chante mizik damou yo, danse sou mizik ki pi komèsyal yo, epi toujou pa dekouvri tout sa li pote nan ekriti, nan refleksyon ak nan fason li konstwi diferan pèsonaj li yo.
Epi mpanse li bèl lè yon atis ka kreye e pwopoze olye mache chèche hit ki k rive denatire modèl atis ou ye o fon an.
@carelpedre & @djk9_ kom se nou ki ouvri deba a
T vice
Pikan
Atros
Blondedy
Phillysia
Klass
Nu Look
Tabou Combo
Barikad
Rock fam
Vayb
Zafèm
Pipo
Zin
ORS
Franck Etienne
Thélo
Perfect Beat
Nico
F-Ner
Majik Click
Enposib
Bélo
Isidor
Experience
Anmweyyy
Wendyyy fè referans ak tout non sa yo nan albòm “Pi♾️” an.
Alo @wendyyyytraka mwen santi prezans ou nan kont youtube BélO Haiti a, chinwa yo vizitem. Yo tout di se King nan 🐜🐜🐜🐜 ki voye n.
Mèsi 🙏🙏 pou sa!
Mwen mande yo pwofite abòne.
Tout sa mwen te swete avan, se ekri yon liv pou Wendyyy
Yon liv ki dekri karyè misye, yon liv ki rakonte ti pati m viv de misye a, mwen se yon fan depi 2011.
Nan tan sa ak tout evolisyon mond lan, mwen wè li preferab pou m fè yon website olye de liv la.
Mwen fè sit la antanke yon fan Wendyyy…
Se jis yon sit Fan, li pa sit ofisyèl atis la…
Tout sa mwen itilize kredite direk sou paj oubyen boutik atis la.
Klike sou https://t.co/0O4zHLhNId pou w wè kontni yo, plis bagay ap vini…. Nou ka ede m rann li pi perfect CHINWA m yo😊
@anmweyyy@HerbyTheCeo@LilShelXXX@naldofilmmaker@bys_marcus@Fritzlyndorvil@Elprofsor