@evens_rom De kisaw vle pale menm? Ki kote wap antre la a? Chak moun gen wout pa yo nan lavi a. Anpil fwa nou fè moun rayi nou paske nou vle mete yo sou wout nou jis panse kap pi bon pou yo, pandan wout pa yo trase nan tèt pa yo deja.
@evens_rom Yon Web Master gen RØDE Caster epi lap fè foli pou ti fifine. Se bagay nèg kap kite madan marye yo, pou yal koupe nan kafe oubyen ak sèvant wi. 🤣🤣🤣
Chak maten a 8:30 AM, se randevou nou pou “Pale San Filtè” sou TikTok ak X Space! Se yon espas lib pou nou pale tout sijè san tabou, san filtè. 🎙️
👉🏾 Follow : Evens_Rom
L'ancien président d'Haïti, Joseph Michel Martelly, a été retenu à l'aéroport de Miami, ce 9 mai 2025. Il comptait se rendre aux funérailles d'un proche. Nous vous tiendrons informés des développements. @AmeriqueInfo7
@dennly109 M panse li twò bonè wi frèm poun santi nou pral pran yon souf ak vagabon sa yo ki nan koze ensekirite sa. Swivan sam tande nan yon koulwa, ni mesye Salvador sa yo, ni elikoptè sa yo, se plis pou ede nan kesyon sante si ta gen sòlda ki blese wi, men se pa pou vin batay non.
Ti moso Listwa
Lekòl te sipoze louvri lendi maten 7 janvye 1991, aprè fèt lè wa, nan tout rakwen peyi dAyiti. Men, nan nwit dimanch 6, yon gwoup nèg ak zam, ki te genyen nan tèt yo doktè Roger Lafontant, debake nan palè nasyonal, rache prezidan pwovizwa a, madanm Ertha Pascal Trouillot, fòse li chita devan kamera televizyon nasyonal ak yon wòb de nwi sou li, pou li anonse popilasyon an ke li pa chèf peyi a ankò.
Koudeta sa a fèt nan yon moman byen espesyal, kote ke Roger Lafontant te pran kanè nan eleksyon 16 desanm 1990 yo, se pè Saint-Jean Bosco a, Jean-Bertrand Aristide, ki te ranpòte yo. Donk, yon mwa anvan Titid chita sou chèz boure a, li pase pa anba, li bay yon panzoup.
Se te byen konte, mal kalkile paske nan moman sa a, Jean-Bertrand Aristide te tèlman popilè, pèp la te prè pou te deklare li wa pou jiskaske li mouri.
Presyon lari a, chofe gwo chèf ki te nan lame a, yo oblije antre nan palè, kraze mouvman sa a, mare Roger Lafontant tankou krab, al fèmen l nan penitansye nasyonal, kote l ap gen pou rann dènye souf li 30 sektanm 1991, nan okazyon yon lòt koudeta.
Ti moso Listwa
4 janvye 1800, jeneral-gouvènè Toussaint Louverture pibliye yon "arete", kote li fè konnen ke pèsonn moun nan koloni sa a ke l ap dirije a, kote li se reprezantan anperè Napoléon Bonaparte la, pa gen dwa pèmèt yo pratike vodou.
Nenpòt moun, ki ta pran chans bat tanbou, trase vèvè, rele lwa... ap mouri. Y ap mete moun sa a ap kouri fè ale vini, nan mitan 2 ranje sòlda, kote y ap wonfle l ak kout koko makak, jiskaske souf li koupe.
Relijyon se youn nan pi gwo zam kolon yo te konn e toujou itilize pou fè nou kwè nou pa moun. Tout sa ki nan nou, ke nou pote sòti nan Ginen se koze dyab. Fòk nou rekonèt ke se Bon Dye blan an, sa ke yo menm yo sèvi a, ki ba yo dwa fè sa yo vle ak nou, fè kadejak sou pitit nou, madanm nou, an prezans nou, ki se sovè a, se li pou nou adore.
Toussaint Louverture, ki te toujou di l ap defann koz nwa, te genyen yon fason byen dwòl pou fè sa. Moun ki renmen l ap di w ke li te tèlman fò, ke lespri nou twò ba pou konprann jeni li.
Byen petèt, yo gen rezon. Men, anpeche afriken ak pitit yo, ki genyen pil ak pakèt lwa ap danse nan tèt yo, vodou ap koule nan vèn yo, sispann pratike, se yon estrateji k ap pran anpil tan pou nou konprann.
Ann raple ke depi 1797, Toussaint te kontakte abée grégoire pou te voye 12 pè ba li nan koloni an, avèk misyon pou:
« rétablir l’union entre les hommes de toutes les couleurs ; resserrer les liens qui doivent unir les colonies à la métropole, aider à la pacification des troubles de la malheureuse colonie de Saint-Domingue».