M Bliye Renmmen Ou💔
Nan tet Mwen Se te jis Yon Anvi, sete jus Yon Trip
Nan tet mwen pat gen Plan sa, Se te Jis Pou Yon Nwit
Atach,Fwaye,Fidèl? nan tet mwen gon yon bòdèl
Modèl lanmou yap vann Nan Film lan mw pa finn Kwèl
Girl 🤦🏻 Koman pou m diw m paka atache m?
#Yeswa a Kite Sekèl ou ka toujou pran Sa Pou Lachte
M pat vinn pou Rete, m konnen Byen Bonè pa dire
Ou te pote kè w banm men se kò w ki te atire m
Nan tèt mwen Ou te jis La paskem se Dèf
Te gen Tenèb, men w te wè Zetwal la menm le l te sispann Selèb
Pa met Mot Sou Sa nap Viv la kite tan Di nou
Ou te Onèt Sou saw santi an mwen m Te jis Onèt nan Manti nou
M Brize w, Sa Difisil Pou m Ret Pwòch Moun
M pa suspann Desevwa w pito m te Ret Crush ou
M panse sa Tap Pase Menm si Lolòj nou te vire kou Toupi
Ou te wè moun nan Avan Atis La Mwen M te Jis Wè Yon Gwoupi
#TheLostPen
#MBliyeRenmenOu
#Dèf
M vle renmen w yon fason ki fè w pa janm doute de plas ou nan kè m, paske gen kèk moun ou pa rankontre chak jou, e lè w jwenn yo, ou sipoze kenbe yo ak tout lanmou w❤️.
Jodi JEDI 🔞
Ann fè yon ti egzèsis pwezi ansanm.
M ap bannou 15 mo, pou nou mete yo nan 15 fraz pou n ekri yon powèm byen sansyèl.
Karès - Mouye - Kè - Dousè - Dwèt - Rega - Anvi - Souf - Plim - Vini - Lang - Powèm - Bliye - Demen - Pasyon.
Ann ale 🤞
A veces,
el peso de las rimas pesa más
que la inspiración.
Cada palabra
se convierte en una historia
por sí misma.
En la poesía, soltarse es
contemplar a la musa sin poder escribir
una sola palabra.
…
Pa gen santiman
ki pi dous pase sa,
ke lè m reveye, epi m sonje
gen yon moun tankou w
nan lavi m.
Pa gen bonè
ki pi evidan pase sa,
ke lè telefòn mwen vibre
epi se foto w ak non w ki monte
antanke premye mesaj
pou m kòmanse jounen m.
…
Lè tanpèt enteryè w
ap jèminen chichiri lapli
jouk fouk ou fè inondasyon
Cheri se bouch mwen
k ap lakansyèl ou
Lè goutyè w debòde
nan renesans souf syèl
Lè bri gout yo ap tonbe
tankou flak siwo myèl
Cheri se dwèt mwen
k ap antònwa w
Zafè move tan
si m anba tonèl ou.
@G_Waseley Bon sa depan
Si yo pran w
Pa gen yon kantite moun pou yo voye tout ale
Li ka fè kek jou nan prizon, men si gen yon fason fanmiy ka negosye pou li
Li ka gen chans lage, men pafwa menm jou yo pran w la
Yo tou voye w ale
Mwen tande koulè vwa li
ki gen sant tè mouye
Mwen pa rayi sa m wè a
malgre de je m fèmen
Tankou yon milyon silans
yo agrafe nan van an
L ap koule tou dousman nan lespri m
watadi dlo rivyè sou galèt blan
Viv pa viv san toutouni l !
Mwen wè sa ak pwòp kè m.
…
Youn nan pi gwo benediksyon ou ka genyen se kèk zanmi ki swete reyisit ou menmjan ak pa yo,ki aji byen avèw paske yo renmenw vrèman san se pa yon strateji pou yo regle enterè pa yo!
Stil moun ki renmenw paske w se moun ou ye a!❤️
M anvi n fè lanmou
san wete rad
ni touche kò
san monte grad
ni bèl dekò
M anvi n pataje entimite
M anvi n twoke jwisans
san mande bag
ni fè efò
san pete blad
ni fè eko
M anvi n akouche santiman
M anvi n pèdi nan letènite
san pwomès
ni atant
Alòs Cheri
ann fè pwezi..
Ou se peche sa
mwen fè chak maten an,
lapriyè sa
mwen paka dòmi san li an.
Ou se ti moman apa m,
ti lespwa an pè m.
Ou ranpli m san pran plim,
ou fè m ekri bonè
ak de men m.
Ou se powèm kachotri m.
Bondje se sèl temwen
jan w bon pou mwen.
…