Haiti went a full 90 with a European side that qualified for the World Cup and pushed them to the limit
When you know the story of the team, that’s one of the best stories of the World Cup
Lonè respè a sila yo ki te fè wout la anvan pou te trase chimen an. Jodia nimewo 74 la fin bay tout swe nan fontèn li, li pase nimewo 26 la flanbo a.
Se pa yon grenn jwè ki pote nimewo 26, se nou tout, se nou chak !
NOU TOUT SE GRENADYE !!!
Jodi a, tankou milyon Ayisyen alawon Badè, mwen santi fyète ak lajwa ap ponpe nan tout venn mwen.
Nou gen privilèj pou n viv yon moman istorik.
Mwen pot ko fèt dènye fwa Ayiti te sou sèn sa a. Jodi a, m ap gade istwa sa k ap ekri devan je m.
Sa touche m plis toujou paske m ap viv moman sa a ak pitit fi m. Avèk fyète, n ap site non chak Grenadye. Avèk fyète, m ap di li : se yon fanm ki nan tèt Federasyon Ayisyèn Foutbòl la.
Okenn gòm, okenn baboukèt, okenn desizyon pa ka efase memwa Batay Vètyè a. Lespri viktwa sa a ap viv nan nou, tankou nan kouraj ak detèminasyon Grenadye yo.
Yo ka wete yon senbòl sou yon mayo, men yo pa ka retire li nan kè yon pèp.
Se jisteman nan moman enjistis yo solidarite nou grandi, epi flanm rezistans zansèt nou yo limen pi fò.
Se toup pou yo, epi se KOUP POU NOU!
Koup diyite, libète ak souvrènte yon pèp ki dwe toujou kanpe dwat pou di “Tout moun se moun”.
Jodi a, Mondyal pa nou an komanse.
E nan liv pa m, nou deja chanpyon! ✨🇭🇹🤍
#GrenadyeAlaso #Ayiti
Gen dat ki charye sou do l lavi tout yon nasyon, jodi samdi 13 jen an p ap sèlman charye sou do l desten nou, l ap renouvle fyète nou devan je lemonn, l ap raple yo se nou ki bay libète batistè, ne nou ki wozo menm si l pliye k pa janm kase a.
NOU NAN BATAY