I CANNOT FUCK w/ people who, when they're mad they say extremely hurtful things but when they calm down they want to backtrack and say they didn't mean it. YES, you did. Stand on it.
Nan mitan sitiyasyon ensekirite ak vyolans n ap viv nan peyi a, bal mawon tounen youn nan pi gwo malè pandje pou popilasyon an.
Pandan mwa Novanm ki sot pase la, divès lopital te resevwa anpil ka moun ki te pran bal (anpil nan yo se bal mawon), Lopital Inivèsitè Lapè pa egzanp te resevwa plis pase 115 blese pa bal.
Nan yon sitiyasyon konsa, konnen kèk jès premye swen ki ka ba yon moun ki ta malerezman pran yon bal plis chans pou l rete an vi avan li rive jwenn pi gwo swen yo sant ki apwopriye pou sa enpòtan anpil.
Ti gid sa ofri, kèk jès ki plizoumwen senp ou ka fè pou ede yon moun ki nan sitiyasyon sa avan ak pandan ou prale lopital avèk li. Toujou sonje, pi bon bagay la, Se Mennen Moun Nan Lopital.
Li tris anpil nou tonbe nan yon moman kote yon gid konsa oblije egziste, men malerezman sitiyasyon dènye mwa yo mande sa.
*Ka gen sitiyasyon kote jès sa yo difisilman aplikab oubyen kote sa ka nesesite jès anplis.