@billyliveshow Mande mesye a si se sou TON sa l ap pale la li pale avèk ekip Zile a.
Mande l tou konbyen kòb depans li yo deja rive ? Otel, biyè avyon, pwomosyon, preparasyon etc. Konbyen kòb menm?
@billyliveshow Mesye sa gen anpil sajès nan jan l pale. Gen nèg ki t ap antre lwen nan manman ekip Zile a!
Ofinal, kisa kontra a te di lè ka sa yo prezante ?
@carelpedre Mwen se nan echanj sa yo m pran plezi. Ou vini ak yon apwòch, yon pwen. Yon moun dakò, ok. Yon lòt pa dakò, li pi bon toujou. Sèl sa k dwe toujou prezan se RESPÈ! Agiman ak kont abiman ap deplòtonnen, plis rechèch ap fèt, plis limyè ap pote. M renmen l konsa!
@anmweyyy Mèt Kont sa toujou gen yon longè avans sou tout moun !
Lè l poste yon bagay jodi a, li pral bezwen l pita kanmenm!
NB : m pa konn anyen non nan zafè moun !
😂
Anpil Ayisyen renmen al etidye Lafrans…
men anpil pa konnen ou pa oblije kite Ayiti pou w gen edikasyon franse.
Jodi a, Ayisyen ki Ayiti kapab etidye anliy nan lekòl franse, jwenn diplòm ofisyèl, san viza, san deplase.
Wi. Se menm sistèm franse a. Se menm estanda yo.
Men kèk lekòl franse serye + sa yo ofri 👇🏾
• Centre National d’Enseignement à Distance (CNED)
💰 €300 – €1,200 pa ane
Segondè, Bakaloreya, fòmasyon pwofesyonèl, preparasyon egzamen ofisyèl
🔗 https://t.co/zovNQl9a9A
• Université Paris 8 Vincennes – Saint-Denis
💰 ≈ €2,770 pa ane (Licence)
Lisans a distans: syans sosyal, edikasyon, kominikasyon, lang
🔗 https://t.co/7Hk01o03Ho
• Université de Lorraine
💰 ≈ €2,770/an (Licence)
💰 ≈ €3,770/an (Master)
Licence ak Master a distans: jesyon, ekonomi, lang, kominikasyon
🔗 https://t.co/nQhS5YFJoJ
• Université de Lille
💰 ≈ €2,770/an (Licence)
💰 ≈ €3,770/an (Master)
Etid a distans: biznis, syans sosyal, informatik, administrasyon
🔗 https://t.co/Gb2lszVdXM
• Université Rennes 2
💰 ≈ €2,770/an (Licence)
💰 ≈ €3,770/an (Master)
Lang, kilti, edikasyon, medya, syans imen a distans
🔗 https://t.co/tEohTn3N1G
• Fédération Interuniversitaire de l’Enseignement à Distance (FIED)
💰 Pri a depann de inivèsite a
Rezo inivèsite franse ki òganize pwogram a distans
🔗 https://t.co/TW89pwzG3f
• Campus France
💰 GRATIS
Katalòg ofisyèl tout pwogram franse a distans
🔗 https://t.co/gEpCcDseDH
• France Université Numérique (FUN-MOOC)
💰 Gratis → €50 (sètifika opsyonèl)
Kou gratis oswa pri ba: IT, biznis, lang, teknoloji
🔗 https://t.co/nkqgbqtIfQ
• OpenClassrooms
💰 €20 – €300 pa mwa
Sètifika pwofesyonèl: IT, jesyon pwojè, maketing dijital
🔗 https://t.co/kBTs0KXokC
📌 Sa ki enpòtan pou konnen:
– Ou ka etidye depi Ayiti
– Ou pa bezwen viza si w pa vwayaje
– Pifò kou yo an franse
– Diplòm inivèsite piblik yo rekonèt ofisyèlman
An rezime:
Si Lafrans se yon rèv pou etid ou,
ou ka kòmanse depi Ayiti.
@lamygeorges Gen yon moun m konnen ki rete Florida ki gen pasyon pou koleksyone lajan lòt peyi. Li gen plis pase sa k nan videyo a!
M te ba l kèk lajan Ayisyen tou mete sou sa l ye deja genyen
@Loritz_V M se Travayè Sosyal, m travay kòm Housing Case Manager. M panse malerezman pa gen mwayen pou m pwodiktif Ayiti. Sèvis Sosyal yo manke nan peyi m e pwoblèm lojman an konplèks Ayiti.