M pa konn nom ou, men mwen konen w gen yon rèv, yon idée, yon imajinasyon.
Petèt wap li tweet sa, nan machine ou, nan kabann ou, nan avion ou, nan bisniz ou, nan travay ou, m pa konn kotew prale, men mwen konen w gen yon destinasyon.
Pa kite okenn exkuz mantal, anviwonman société a stope w rive nan destinasyon w!
Chak jour nou dwe grangou pou destin nou!
Nou dwe gen yon vision de tèt nou! Devlopman pèsonèl nou!
Kelkeswa sikonstans lan, nou dwe wè tèt nou ke nou kapab reyalize, et viv destinasyon nou!
Bon week-end!
Nou gen plan jounen an, Ann al atakel tankou Lion 🦁 ki wè mouton 🐑 🇭🇹🏆
Pou ane 2023 mwen deside pa kondi machine etranje ankò!
M deside woule machine pam!
Makandal S🏎️🇭🇹🔥🔥
Patnè sa pèdi nan gade Makandal Stealth🏎️🇭🇹🔥🏆😁😁😁
Epi sponsor sou tèt mwen🏎️🇭🇹🔥🔥