Avèk Chef Leen nou leve drapo a🇭🇹 apre menm drapo sa nou pase l anba pye n epi nou krache souli, pagen bagay fè m mal konsa,😭 a chak fwa interè pèsonèl nou menase, nou bliye si yon sèl dwèt paka manje kalalou.😭😭😭😭
Genyen @ONU@CARICOM , @UNICEF , @INESCO , Òganizasyon sa yo fè Ayiti plis mal ke byen, yo pa vinn ede nou vre, pito Ayiti te fè pati @UE , lè sa nou patap konn tout mizè sa yo, kijan fè Ayiti fè pati tout òganizasyon sa yo epi li nan eta sa?
Se sèl sektè ki pajanm bay okèn bilan nan anyen, menm si gen viktim, menm si Moun ap tonbe, menm m pa wè kisa yo itil, Fédération protestante d'Haïti (FPH)
Se pa politik ni demokrasi a ki pa pwòp, mn se moun k ap fè l la. Pu CPT a prezante l kò m yn delivrns epi mnm CPT sa koz sitiyasyn an pimal,lè m wè premye minis ln ap kriye m di yo resi pran pitye pou nou, poutan se antèman nou l ap chante. Nou byen konte, nou mal kalkile
Pou kantite moun m wè nan lari a, pou valè inivèsite ak lekòl ki fèmen, pou valè moun se chyen k ap manje yo, pou valè moun ki pran bal ki paka jwenn swen, m jus mande eske leta konsyan de sa, ou byen pagen leta, se yon pakèt anachi?
Bondye m pa Santi m anpè non, e moun ki gen timoun yo mnm, e fanmi ki gn jèn fi yo k ap dòmi nn lari a, eske memnm fenomèn apre 12 janvye 2010 la p ap rive ank, yo te vyole anpil jèn fi anba tant, Bondye di yon mo non, gn manman ki gn timoun nan lari a se kè yo k ap rache wi💔😭
1915 se blan kite debake ak gwo ponyèt vinn okipe nou, apre yon ti tan la se ayityen menm ki pral sipliye, mete ajenou nan pye tonton sam pou l vinn okipe nou, tèlman bagay yo pral rèd ak bann pa itil ki nan tèt peyi a😭😭😭😭😭😭😭
Nou gn pou n pagn kote Pou n kouri ale ankò, lè sa a rezistans nou pa fè jodia nou p ap gen ni kouraj ni pouvwa ni strateji pou n fèl ankò, le jou m ta chèf nn peyi sa, gn nèg si yo gentn mouri menm repo yo m ap twouble, si m chèf m ap dirije an chèf.😭😭😭
#pititmesyevètyèyo🇭🇹🇭🇹
Etazini depòte l lè rive Hayti se nan kan refijye li ale paske l paka antre lakay li, m ap di sa nan tout peyi y ap depòte moun, se sèl Haytyen k ap retounen nan kras, nan fatra, ak insekite, Hayti sanble inik prèv ke lanfè egziste.😭😭😭😭🇭🇹🇭🇹
La descente aux enfers
Nivo espirityalite w pa ba w dwa pou w ap trete Dessalines konsa, relijyon pa dwe fè w krache sou kilti w, m kòmanse konprann ou, paske m wè jan blan ap trete Dessaline se konsa ou vle fèl tou, si w pat yon pastè ke m renmen anpil m t ap gentan di w se tchoul blan w ap fè.😓😓😓
Lè se yon chèf ayityen ki ale nan yon lòt peyi, konbyen kòb yo konn depanse pou li? Nou menm nou depanse tout kòb sa pou prezidan kolonbi a pou l vinn jakmèl se pa anyen serye li te vinn regle vre, men nou lèd anpillll.