Moman poum leve poum al atake monde lan, pran sak pou mwen!
Fanmim ap cherche ton lidè pou guide l depi 200ans.
Sim pa fèl, nan 80ans ankò, chènn povrete a ap toujou kontinye.
Chak jou mwen raple tèt mwen lem leve,
Oswa mwen kontinye domi sou kabann mwen ap reve rèv mwen yo, oswa mwen leve mal viv yo! Mwen gen 2 chwa, chak gen defi yo!
Mwen pito al viv yo, nan pwosesis lan, map aprann ! map fe erè! men rezilta ap diferan!
Leve jodi a, pratike yon bagay kew renmen, vann li nan mache ekonomi an!
Li pibon, pouw prépare pou yon opòtinite kew pa genyen, olye ou gen yon opòtinite, men w pat prépare!
Se pa fòt mwen, God Did!
Siw bezwen wè génie ki deyè, idée billions dollars 💵 sa! Zoom photo a, wap wèl ap enjoy chak segond li pase ladan l!
Yon ti nèg, ki grandi nan povrete, pat gen Kay poul dodo, ki tap domi Kay moun, ki pat fe gwo class, ki pa edike, ki pat ka achte rad mèt sou li, ki pat twouve lanmou peyi, ki pat jwenn opòtinite, ki pat jwenn Leta peyil la pou li, ki pa janm blame moun ke tèt li, ki pa janm vòlè, ki pa janm tiye, ki pa janm detwi yon lot, poul grandi.
Jodi a, m travay talent yo, defi yo, mizè yo, kalamite yo, povrete yo, travay di yo, moman fe nwa yo, moman kriye yo!
Jodi a m humble ase poum selebre moman siksè sa! M pral vann li nan mache ekonomi an! Demen poum chanje vie moun!
Mwen pral domine sektè sa! M pral aji tankou Lion 🦁 ki wè mouton 🐑!
Manman désolé, siw te fè yon mouton, men monde lan bezwen mwen, m transfome an Lion 🦁 😘❤️🔥
Gen 8billion moun ki depann de chwa sa, +12million moun🇭🇹 pam ki depann de chwa m fe!
Mwen se Goat 🐐Agrikilti a! 🌱🌾🌽🚜🍉🥒🍅🍋
Imaj preferem! Li dekri tout vie mwen!🇭🇹🥷🖤🫶☀️💯
If you look for a reason to hate a person, eventually you'll find it. If you look for a reason to celebrate a person, eventually you'll find it.
The former leads to resentment and destructive cynicism. The latter leads to happiness and growth for you and for those you celebrate.