🔥🇺🇸 Trump deklare lagè tarifè!
Depi 1e out, nouvo taks Donald Trump mete yo ap frape pwodwi Brezil ap ekspòte Ozetazini. Gen pwodwi ki ka pran jiska 50% taks!
🇧🇷 Sa mete Brezil anba presyon, sitou sou zafè BRICS ak relasyon ak Lachin.
sa ka gen gwo konsekans sou komès mondyal
🐊 Alligator Alcatraz: Sant detansyon Trump bati nan fon Everglades nan florid pou imigran san papye ak moun sou lis depòtasyon. Kapasite: 5 000. Antoure pa dlo ak kayiman, li fasil pou tounen prizon natirèl. Kritik yo rele l “konsantrasyon modèn” ak kondisyon inuman. #AuroreActu
Dosye arestasyon Dr. Reginald Boulos la gen yon ambouyamini ladann. 🌀
2 medya ameriken bay enfòmasyon diferan:
Fox News di yon bagay,
Miami Herald di yon lòt.
Kisa k ap pase egzakteman?
#Haiti#ReginaldBoulos#Konfizyon#Envestigasyon
🔴🇺🇸 Elon Musk vs Trump : Ça chauffe ! 🔥 Après sa rupture avec Trump, Musk recevrait... une offre d'asile politique... en Russie ! 🇷🇺 L'ex-stratège Bannon quant à lui demande l'expulsion de Musk des USA ! #TrumpVsElon#auroreact
🇺🇸💥 Donald Trump atake Elon Musk
«Pi fasil pou ekonomize de milya dola, se koupe sibvansyon ak kontra Elon Musk yo. Mwen sezi Biden pat fèsa! »
Sa se yon atak dirèk sou Elon Musk, epi li gen yon gwo efè imedyat:
Aksyon Tesla desann plis pase 12% jodi a.
#muskvstrump#auroreact
Anpil Ayisyen ki te aplike nan #HumanitarianParole resevwa imèl ak mesaj “NON CONFIRM Notice”. Sa rive paske nouvo gouvènman Trump anile pwogram nan pou Ayiti, Kiba, Nikaragwa ak Venezyela. Aplikasyon yo pa trete ankò. #Imigrasyon#USCIS#auroreact
Pap Franswa mouri lendi 21 avril 2025 a 7:35 nan maten, nan vil Wòm, a laj 88 an. Yo te eli li kòm Pap an 2013. Malgre sante li te febli, li te kontinye akonpli devwa li jiskaske li mouri. Li te premye Pap Ameriken Latin. #PapFranswa#Vatikan
Yon jij federal nan Boston sispann desizyon Trump ki te vle anile estati legal plis pase 500,000 imigran ki soti Kiba, Ayiti, Venezyela ak Nikaragwa. Pwoteksyon yo te soti nan yon pwogram Biden te mete. Yon viktwa pou imigran yo! #Imigrasyon#Jistis#Ayiti
REMERASYMAN
Fanmi Madanm Éliane Dumèus vle di mèsi anpil ak tout moun ki te patisipe, priye, pataje enfòmasyon, epi ki te sipòte yo pandan moman difisil sa a.
Nou jwenn Madanm Éliane! Li an sekirite, fanmi an soulaje anpil.
Bondye beni nou tout!
🆘DISPARISYON
Madanm Éliane Dumèus, rete Lilavwa, li mache nan Legliz Adventis Lilavwa 17. Li Soti jedi 17 avril 2025 li pa antre,
Li te gen sou li yon wòb vèt. Li soufri maladi Alzaymè.
Tanpri, siw wè li oswa ou gen enfòmasyon sou li, rele:
3842-4939 / 4255-6233
Mèsi pou èd ou.
Prezidant fanm Namibi a mete deyò 500 Ameriken kòm repons ak politik ekspilsyon Trump yo. Li di si Ameriken egzije viza pou Afriken, Namibi ap fè menm bagay. Li ogmante frè viza pou Ameriken, epi li deklare Afriken pa ta dwe bezwen viza pou vizite Namibi.
Apati 10 avril 2025, sitwayen Kanadyen ap bezwen yon eVisa pou ale Brezil, menm jan ak Ameriken, Ostralyen, ak Japonè.
Mezi sa a pran pou resipwosite ak kontwòl imigrasyon.
🇧🇷 Brezil, yon lwa vote pou entèdi itilizasyon telefòn nan lekòl primè ak segondè, daprè demann depite, paran. Lwa a vize limite distraksyon ak amelyore konsantrasyon nan klas. Plis pase 50% timoun 10 a 13 zan gen yon telefòn mobil, pandan ke 88% adolesan 14 a 17 an posede youn.
Prezidan Etazini, Donald Trump, akize Brezil ankò, kòm youn nan peyi ki chaje anpil taks sou pwodwi ameriken yo. Lachin se yon gwo kreyatè taks. Lend, Brezil, anpil lòt peyi,” li deklare nan yon diskou li bay sipòtè li yo nan Florid. Nou pap kite sa rive ankò.
Selon la Maison Blanche, le gouvernement colombien a accepté toutes les conditions du président Trump, y compris l’acceptation sans restriction des étrangers illégaux renvoyés des États-Unis vers la Colombie, même à bord d’avions militaires américains, sans limitation ni délai.
Selon CNN, yon reprezantan repibliken an, Andy Ogles, prezante yon rezolisyon nan chanm reprezantan Jedi 23 janvye a pou pèmèt yon twazyèm manda prezidansyèl pou Donald Trump, malgre atik 1 nan 22e amandman konstitisyon an limite yon prezidan a 2 manda sèlman. 🇺🇸
Gouvènman Kolonbi a, anba lidèchip Prezidan Gustavo Petro, mete avyon prezidansyèl la disponib pou fasilite retou an diyite sitwayen ki te dwe rive nan peyi a maten an atravè vòl ekspilsyon”, se sa yon kominikasyon prezidansyèl te deklare pou laprès.”
Dimanch sa a, prezidan Kolonbi a, Gustavo Petro, fè konnen sou rezo sosyal X, ke gouvènman Kolonbi a pral pran yon aksyon fò kont Etazini, Petro anonse ke Kolonbi pral enpoze yon tarif 50% sou pwodwi kap sòti Etazini, kòm yon fason pou reponn ak Donald Trump.
🇧🇷L'aéroport international de Belo Horizonte, recevra ce vendredi 24 le premier vol de Brésiliens expulsés des États-Unis sous la direction du président récemment investi Donald Trump. L'avion devrait atterrir vers 20 heures, transportant 158 déportés, selon la police fédérale.