Lè ou byen enfòme ou fè pi bon chwa! Anpil erè jenerasyon pa’m nan fè se paske yo pa’t janm ba li bon jan enfòmasyon. Pèsonèlman gen bagay m konn twò ta. Entenèt la se yon gwo zouti pa pèdi tan’w sou li nan gade kòman lòt moun ap viv. Enfòme’w sou sa ki enpòtan! Fòme tèt ou!
Popile Nation!!!!! Ou menm ki ta renmen sipote album mwen, komanse depi jodi a, ou ka tandel sou Itunes. lew pre-order album nan wap gen chans download youn nan track yo menm kote a. Click sou link sa, sipote travay... https://t.co/EaszGDMfHu
An'n mobilize sosyete a, alame otorite yo pou jounalis/repòtè Vladjimir Legagneur. Ap gon mach 28 Mas pou konn sa ki rive. Malè k rive nenpòt moun, nou k kòmanse di Non ak Stop ak 1 seri de move pratik nan peyi a...pa tann li rive 1 pwòch ou sèlman, nou c 1 sèl nasyon ✊🏽
Gen moun ki panse se fè buzz ki ap fè yo gen siksè nan sa y'ap fè. Buzz ba ou atansyon vre men li pap dire. Pi bon fason pou jwenn yon atansyon ki ap dire se lè wap travay anpil e wap bay bon rezilta.