Un autre policier perd la vie sous les balles assassines des bandits au Centre-Ville. Le calvaire continue pour les habitants de la commune de Tabarre qui ont passé une sale journée lundi. Entre temps, toujours à Tabarre, Médecins Sans Frontières annonce la reprise des ses services après sa fermeture forcée juillet dernier. Trois ans plus tard, la justice est encore loin de faire jaillir la lumière sur l’assassinat du bâtonnier de l’ordre des avocats de Port-au-Prince, Monferrier Dorval. Une lueur d’espoir pour la reprise du football dans le pays avec un probable relancement du championnat national de première division qu’espère plus d’un à l’issu d’une séance de travail entre le Comité de Normalisation de la Fédération Haïtienne de Football et plusieurs dirigeants de clubs de première division.
Voici la Une de notre journal pour notre journal en ligne en date de ce mardi 29 août 2023.
🔗 https://t.co/wwcDzvUheq
Samdi 20 Avril sa, 8 è-10 è nan aswè, yon lòt fwa se yon gran onè pou Pwezi Libète, ki pral resevwa pwofesè @MichelDeGraff, valorizatè e defansè lang kreyòl la, atravè MIT pou "Yon lekòl tèt anwo", sou tèm sa :
"Kreyòl lang revolisyon".
Rejwenn nou jou sa pou nou bwase lide.🫂🇭🇹
Nan peyi Espay🇪🇸, yo revoke 1 konseye minisipal ki te responsab zafè "lajenès, timoun ak lafanmi" aprè videyo l fin pran lari sou rezo sosyal yo kote l t ap manje pwòp twalèt li💩. Misye dekri tèt li tankou on "esklav seksyèl meprizab" epi mande yo "itilize l tankou yon depotwa".
Konsèy pou pwoteje je w kont eklips
Pa leve je gade
Ou ka kontinye fè aktivite w san pwoblèm
Mete chapo/kaskèt se yon bon lide
Rete anndan kay si pa gen bezwen pou w pran lari
Pa itilize linèt solèy ni vit machin tente pou gade solèy la
Evite gade ni fè foto eklips la ak telefòn
#Kidnapping
Mèt Jean Eddy Rousseau (bawo #Senmak) ak Mèt Richard Pauleus (bawo #Gonayiv) se 2 avoka nèg a zam nan #Latibonit touye aprè yo te fin #kidnape yo pandan yo te nan kad travay yo pou yon kliyan ki te nan yon batay pou tè nan depatman Latibonit la.
#AyitiBranche
Pou make premye anivèsè Pwezi Libète 22 Avril k ap vini la , estaf PL pote pou ou yon konkou pwezi sou tèm sa :"Ayiti, lank kè m detenn sou kò w".
Ou menm ki renmen fè pwezi, ou ka enskri gratis depi kounya si w gen pou piti 15 ane sou tèt ou, pandan w ap ranpli yon fòmilè atravè lyen sa 👀👇.
https://t.co/Jmj3sKQZk7
Si w ta renmen kontakte estaf Pwezi Libète a pou yon kesyon oubyen yon sijesyon konsènan konkou a, ou ka ekri nou atravè adrès elektwonik sa 👀👇. ([email protected])
Nou envite w gade videyo ki anonse konkou a, pou w ka konnen prim n ap bay yo ak non moun ki konpoze manm jiri a.
Deja, bon patisipasyon 🫂❣️🇭🇹!
Doktè Sonnet Ehlers envante yon materyèl pou ede konbat #vyòl ki pote non"RAPEX". Se yon ti zouti medam yo ka mete nan bouboun yo tankou kotèks. Imedyatman vyolè a met koulout li nan bouboun fi a, #rapex la ap tou atrap li nan yon pyèj ak seri ti pikan pou pèt viktim nan sove.
Mwen fè pòs sa sou reyaksyon ansyen depite @Deronneth_Deus la pou mouutre nou nan ki nivo nèg isit mechan. Nou dwe mefye nou de kesyon teyorik emèjans jèn y ap pale a. Yo gen gwoup pa yo pou bafwe veritab aspirasyon moun konpetan ak serye ki prè pou patisipe nan bati peyi a.
Jan sa souvan fèt chak Samdi nan aswè, ant 8 è pou rive 10 è, se pral yon gran onè pou estaf Pwezi Libète a, dèske li pral jwenn opòtinite resevwa @ATOM_VYE_KRAPO sou tèm sa :
"Yon powèt ayisyen, yon plim kreyòl".
Vini an foul byen bonè nan kay Pwezi Libète a, Samdi 30 Mas sa. 🇭🇹
Konsèy Prezidansyèl la pibliye on 1ye kominike pou anonse yo antre an fonksyon ofisyèlman. Yo anonse yo tanmen pwosesis elaborasyon 1 dokiman pou detaye fonksyónman yo sou baz yon akò politik ak tout sektè yo. Yo deja elabore kritè pou chwazi 1 Prezidan pou konsèy la ak 1 PM.
Delegasyon pèmanan #Ayiti nan #UNESCO a depoze kandidati ofisyèl #Konpa pou vin patrimwàn kiltirèl limanite. Aprè soup joumou (valide), kanditati ak lòt peyi pou #Kasav la, gwoup Dominique Dupuy ap dirije a f on lòt gwo kou nan konba reprezantasyon entènasyonal kilti Ayisyen an.
Aprè l fin pase anviwon 2 mwa nan prizon aprè arestasyon l sou lòd jij Al Duniel Dimanch pou #koripsyon nan kad dosye detounman byen leta nan #CNE, ansyen depite Cholzer Chancy #libere sou lòd jij Merlan Belabre aprè yon odisyon ki dire anviwon 2zèdtan.
#AyitiBranche
Bassirou Diomaye Faye, nouveau #président élu du #Sénégal à la succession de Macky Sall est #polygame et marié à 2 femmes : Marie Khone Faye et Absa Faye.
Qui sera la nouvelle première dame du Sénégal ?
Adieu l'Euro et fin de saison pour le gardien Belge du Real Madrid. Thibault Courtois s'est blessé à l'entraînement quelques semaines après son retour suite à une rupture des ligaments croisés du genou gauche. Il souffre cette fois-ci d'une rupture du ménisque du genou droit.
Nan yon nòt ak yon videyo #EDH mete deyò, li anonse yon gwo absans kouran pandan yon tan endefini pou laplipa katye nan kapital la (#Pòtoprens) aprè konpayi a fin viktim zak piyaj nèg a zam yo fè sou plizyè lokal yo ak sit yo pwodui kouran.
#AyitiBranche
Daprè jounalis @kimives13, premye minis defakto demisyonè a, #Ariel Henry ta jwenn arestasyon li anba men ajan #FBI ki t ap sipèvize l yo nan #Pòtoriko pou detounman lajan ak koripsyon. Pou kounye a, Ariel nan yon baz lame ameriken nan Pòtoriko. @FBI poko konfime nouvèl la.
Kay piye, kay boule. Se konsa zòn #Laboul ak #Tomasen leve maten lendi 18 mas la kote plizyè endividi ak zam anvayi lokalite sa yo nan komin #Petyonvil. Plizyè kadav te remakab depi gran-maten nan zòn nan tou.
#AyitiBranche
Yo tonbe sou kadav 7 rive jiska 11 moun maten lendi 18 mas 2024 la nan ri Panamerikèn nan komin Petyonvil. Premye eleman enfòmasyon yo lese kwè se ta yon seri bandi lapolis ta arive mete do atè.
#AyitiBranche
📊Eleksyon 🇷🇺
Ak plis pase 87% vòt, Vladimir #Poutine ranpòte eleksyon yo nan peyi Larisi kote li pral akonpli yon senkyèm manda nan tèm Kremlen an.
#AyitiBranche