Pa okoupe pèson kap vin diw “OU KONN SAW GENYEN OU PA KONN SAW PRAL JWEN” pouw rete kokobe nan yon relasyon Ki pap bon pou ou,pran chans ale,ale pou bonèw Siw santi ou mérite mieux ke sa wap viv la Jodi a mieux a ap vin jwen ou👌🏾🔐
Ou ka fidèl ak yon moun men'm si nou poko marye, se yon bon renmen ki pou debouche sou yon bon maryaj, domaj nou nan yon jenerasyon kote moun ki bay mennaj li tout li menm yo rele'l djonbe, yo rele'l payas✌🏾
Dèfwa lèw tonbe, gen kèk moun ou wè ki vin levew atè a pitow di yo non mèsi, wap fè efò pouw leve pou kont ou. Sinon, ou riske f�� tout rès viw ap pran repwòch nan men yo. Pou danri yap raplew ke se yo menm ki te leve’w atè a, e yap fè moun pou ou. GEN ÈD SE KRÒK POU GÒJ OU YO YE!
Lè Ou pòv nan lajan fòk ou rich nan diyite ak respè ou. Si kanè bank ou manke zero fòk lespri ou plen ak yon richès ki pa gen pri. Pa kite moun fèw tounen “zanmi de sèvis yo”. Moun kap fèw charite pap janm konsidere ou kòm zanmi. Pa gen amitye san respè youn pou lòt.
Pa gen pi gro KOUTIRYÈ pase 1 MOUN ki rayi’w e ki vle sal imaj ou. Gen de seri de vest lap taye mete sou do’w, se kòmsi li te pran mezi’w, telman rad yap byen chita sou ou. Toujou sonje ke pale mal se lapriyè jouda. Pa kite yo ralanti’w! JIS KWÈ NAN TÈT OU EPI REGLE ZAFÈ’W! 💯
Sim mouri demen, tanpri, sonje mo sekrè pou rantre nan antèman mwen se #kotkòbpetrocaribea. Chak diskou dwe kòmanse ak #ayitinouvlea dwe jan kap pèmèt tout moun viv tankou moun. 🖤