Kriz n ap viv la la, yon sèl ayisyen p ap ka wete n ladan l. Men lè n jwenn yon chèf gouvènman ki pran risk sou pouvwa l pou l ede n rale yon souf, se men pou n mete ak li. Paske depi lontan dirije Ayiti pa t janm fasil, depi w ap defann sa ki pi ba yo, lanmò w konn tou pre!
Mwen swete @citoyendidier mete anpil estrateji, kominike ak pèp la. Mete transparans nan sa l ap fè. Epi respekte fraz"sekirite nan wout la" konsa nou menm jenerasyon ap onore l menm apre l pa la ankò. Nou asepte pou sa k ap fèt jodi a PM nan kontribye anpil nan politik li.
Le peuple haïtien a pleinement droit à la sécurité, à la liberté et au respect de ses droits fondamentaux. Cela fait des années que des groupes armés ont pris une grande partie du pays en otage, imposant à des millions d’Haïtiens une terreur quotidienne : massacres, enlèvements, viols, assassinats, déplacements forcés, incendies et attaques contre les institutions publiques.
Début 2024, la capitale était pratiquement paralysée. L’accord entre Haïti et le Salvador doit être considéré dans le contexte de l’urgence sécuritaire nationale. Le respect des droits humains et la transparence doivent accompagner toute opération, mais ils ne doivent pas devenir un prétexte pour ignorer le droit des Haïtiens à être protégés et à retrouver leur liberté. La population haïtienne a aussi droit à une vie sans peur, sans terreur et sans domination des gangs.
@AryelMaxime@citoyendidier Pou moman minis lan genyen istwa devan l swa li akonpli l sa li trayi l .
Moman se pèp la bezwen sekirite ak eleksyon. Di ensekirite se yon sektè ki genyen anpil ekonomi ladan l . Sa vle di manyen l mande anpil asirans. Sinon y ap jovnèl ou.
Si w santi w genyen fòs, pèp ou renmen w, ou kwè y ap mete w sou pouvwa . Men poukisa ou pa mete men ak @citoyendidier pou n ale nan eleksyon . Poukisa w vle yon lòt tranzisyon ? Tranzisyon pou ki rezilta?
Pèp ou ak ou,ale nan eleksyon.
Bagay sa dwe fini nan peyi an se twòp atò!
@citoyendidier@amnistiaar Je tiens à saluer cette prise de position courageuse et responsable du Ministre.
La sécurité du peuple haïtien doit demeurer une priorité nationale absolue. Tenez bon @citoyendidier
Se pa lòt tranzisyon pou n mande, se ak fòma CPT an nou bezwen tounnen pou 0 rezilta. Fanatik chanjman pou Ayiti yo , p ap janm ale mete tèt yo ak blan pou yon lòt tranzisyon vre. Men pito mete men ak gouvènman, vin fè pèp la chwazi moun li vle pou mennen l lan.
#eleksyon n vle!
Mwen ka di CPT a, se pati politik ki te pi enfliyan yo ak yon pati nan sosyete sivil la ki te akouche l. Apre 2 lane, yo pa reponn ak pyès responsabilite akò an te mande an. Konnya nou nan yon lòt tranzisyon ak @citoyendidier epi pou n genyen kran n ap mande yon lòt ankò?
Pa fè pyès mouvman sou emosyon, pa dakò sou kèk pwen pa vle di pou n jete yon gouvènman pou sa . San nou pa konn kilès k ap vini. Mwen di n fè sèman nou vle ? Di n p ap janm ale nan tranzisyon ankò, sinon n ap kriye wi!
@citoyendidier n ap tann eleksyon an, nou bouke!
Mwen konseye pèp la tann eleksyon pito pou kapab sanksyone oubyen apwouve moun li. Pèp la nou souveren. Mwen moman nou ta dwe fè sèman pou n pa janm tonbe nan koze trnzisyon ankò. Mwen genyen 25 lane depi m ap viv. Tranzisyon fè peyi a plis mal pase sila ki t ap kritike Jomo yo.
Ayiti plis ou fè tan sou pouvwa se plis yo wè pwoblèm peyi a se ou. Men se yon jwèt mètdam li ye kote sila ki pa nan pouvwa yo toujou ap fè yon jan pou yo pran pouvwa jis pou ka satisfè tèt yo.
Ki rezon valab nou genyen pou n jete @citoyendidier ? Kote n ka mete ak li?
@lesoleildu29331@citoyendidier Nou dwe chanbade fòm kilti sa lakay nou.
Pafwa si n mete men ak yon gouvènman l ap pi bon pou sa k ap vini yo.
Mwen pa di tou pa dwe genyen opozan
Men opozan ka pwopoze!
M ap pale ak nou menm ki konte jete gouvènman @citoyendidier la.
M ap di n moman pa apwopriye, sinon n ap pèdi ni sak ni krab. Nou ka toujou fè presyon pou gouvènman leve pye l, tout tan batay pou goumen kont moun ak iligal yo ap kontinye .
Jèn yo an n sove momentòm nan ak sans.
@Jdave04@citoyendidier Mwen konprann sa w di
Li rete ak lòd piblik ki pou aji.
Mwen s on sivil
Nan mezi yon sitwayen pale e ki pa pote prejidis ak mwen ak rès ayisyen yo. Mwen pa genyen dwa pou m di l pa pale.
Apresa an n kontinye gade jan n ka rekonstwui ayiti nan lanmou youn pou lòt.
@troubouda1@citoyendidier An n mete n dakò sou sa.
Jis konnya leta ayisyen pako asire elman netralite l .
Nan sans sa chanje chef gouvènman se tankou nou chanje leta wi.
Leta pako depèsonalize l ak gouvènman.
Se tankou gouvènman ak leta se menm.