Gen moun ki di fanm pa dwe renmen gason ki pi jèn pase l, paske yo rele l “kannay.”
Li pa dwe renmen gason ki pi gran pase l, paske yo di se byen li vin pran.
Li pa dwe renmen yon gason ki gen anpil lajan, paske yo rele l “sugar daddy.”
Li pa dwe gen plis lajan pase patnè li, paske yo rele l “sugar mommy.”
Li pa dwe twò endepandan, men li pa dwe depann sou gason non plis.
Mezanmi, sosyete a toujou gen yon jijman pou fanm, kèlkeswa chwa li fè.
Se poutèt sa nou dwe sispann viv pou satisfè bouch moun. Chwazi yon moun ki ba w respè, lapè, lanmou, ak sekirite.
Viv lavi w. Kite sosyete a kontinye pale.
Se youn nan bagay m toujou mande Bondye depi m gen move kè, se pou l imilye m, avili m devan tout moun, pou pa gen okenn dlo ki ka lave m.
Konsa tou si se kontrè a se pou tout verite pran lari, e se pou m jwenn jistis mwen!!
M fini pa konprann ke menm jan gen maladi ki enkirab, gen doulè nan nivo mantal la tou ki enkirab. Tan ka fè chay la vin pi lejè pou ou,vin pi fasil pou w pote men vle pa vle l ap toujou rete la!! Gen eksperyans ki pap janm efase nèt, l ap kite mak kanmèm.
Paska~Bina Boye
Paska~karantèn avèw
Paska~Never be enough
Paska~jusqu’au bout du monde
Paska………..
Epi yon bon jou,yon kolonn endividi kanpe pou yap rele « Aba Paska.
Pou kraze ni moral,ni karyè Ti jèn nan.
M ta di nou pi mo ak kras smh
Ki pwoblèm ayisyen ak Paska an jwèt konsa? Misye full talan wi poukisa m santi gen yon koneksyon k pa genyen a piblik la, sesi menm ak moun k ap di yo renmen mizik yo…
Pandan misye chaje talan😐
Pandan chak jou nan joure bandi pou move zak yap fè , nou gen yon jenès kap fè menm wout la nan pibliye videyo jèn fi , e gen lòt kap pran plezi nan sa , nou pèdi tout valè ak respè , fòk nou kòmanse kesyone tèt nou kòm sitwayen sou ki wout nou vle pran tout bon.
Sak biza y ap repwoche Baky paske l chante sou albòm li yo, pandan grenn mizik ki dekole sou albòm Thelo a se chante l chante sou li, nou tout anbrase l
Gmm nou
Mw pwal dekripte mizik Awoyo @MedjyA_ENPOSIB lan.
Se yon mizik ki pèsonèl anpil ak misye,
Dabò, ki sa mo « Awoyo » a vle di, pou nou konprann sans li, nou pwale nan orijin li, ki dekoule de yon mo panyòl « arroyo » ki vle di « Ruisseau » ki se yon ti kouran dlo ki pi piti pase yon rivyè, ki irigilye ki konn debòde san zatann , se pou sa nan kilti Ayisyèn lan lèw gen yon konpòteman tankou kè kontan ki entans toudenkou, yo diw a pitit sa fin Awoyo… Nan mizik sa Medjy itilizel poul ilistre yon kè kontan enkontwolab aprè soufrans li.
Konnya annou ale nan mizik lan , Misye komanse poul di li Awoyo, sa vle li gen yon eskplozyon kè kontan, li vle voye chèche lajwa ak lapè epi lap mete de bèl chanm sou do kay la pou yo, ki vle di, li kreye espas nan tèt li, nan lespri li, nan lavi li pou lajwa ak lapè kapab vin rete. Li kontinye poul di li retire ògèy ak ego nan lavil jodia vil chanje kitel viv bonè li pa anmèdel. Li vle lapè konnya.
Nan premye vès la li adresel selon Mw ak tout fanatik oubyen avèk yon lòt moun ki se madanm li, ke nou pwal pale de li nan twazyèm vès lan… Men nan analiz sa a, m ap chwazi mete aksan pito sou relasyon li ak fanatik li yo poum di:
Li mande tout fanatik li padon si yo pat tandel, a koz de pwoblèm li tap travèse siman pale anpil sou ans ans enposib ak pil move kòmantè ki tap fèt sou eta sante li, sa lakòz li te gen yon li te down mantalman, Li di sa klèman: : « Doulè mwen yo te twò wo pou m eksplike w, pou m ka byen, mwen oblije travay sou mwen » Se la nou wè rezon ki fè li te pran yon rekil poul travay sou tèt li poul te ka byen nan po li.
Koman misye soti nan enpas sa? Repons lan se lanmou.
Medjy fè yon refleksyon sou lanmou, poul montre se youn nan pi bèl bagay ki te ka egziste , men pafwa nou konn gen yon moun nou pa fèl yon priyorite pou nou, sa ki ka lakoz nou fèl soufri e fè moun sa mal, pou Mw ki se yon Mesaj li adrese direkteman a madanm li. Poukisa Mw di sa?
Li kòmanse twazyèm vès lan poul di : « Si w pa ta la si w pa ta la adje, Bondye m ap respekte chwa ou, Moun sa w ban m la moun sa w ban m la sa vre, M ape pran swen l pou ou, joun pa ta la jou n pa ta la sa vle di lanmò fè n on move kou »
Nan pati sa misye montre jan li rekonesan, deske Bondye mete moun sa nan vil, sou wout li, e jou li pa ta ansanm ak moun sa ankò konnen se lanmò ki separe yo. Misye avanse poul di ke li ap pran swen moun sa, lap cheri l, lap gatel, lap fè tout posib li pou moun sa priyorite l.
Sa ki ka fè anpil moun mande Kiyès moun sa ye, ki sa li fè pou Medjy poul mérite tout rekonesans sa? Ebyen moun sa se madanm Medjy, si nou sonje nan pati li di li fè dedikas ak lanmou, kotel te di se pi bel bagay ki te ka genyen nan lavi, men ki ka Pafwa difisil, Ebyen Medjy esplike poul di, moun sa te jwenn li nan yon move eta, ki konfime sa nou te di sou jan bagay yo te atenn li jan Mw te di nou avan an, misye di malgré li te nan twou, li tap pase pi move enpas nan lavil: « Ou rale mwen monte, Nou goumen nou sove pita « . Misye esplike jan dam lan pran menl pa janm abandonel paske li wè misye se yon bon moun, kèl pwòp e gras ak li jodia li gen yon avni e li mande Awoyo pou sa , e jodia li vle selebre sa ak pitit li, ke dam sa ba li an ki fè jodia li awoyo, li debòde ak kè kontan.
E li fini poul di : « Cheri men de twa mil mèsi E sa pa menm sifi » sa vle di pou sa dam sa fè pou li, sove li nan moman difisil yo, batay avèk li poul gen yon avni, bal yon pitit fi, ki fè jodia li mande Awoyo.
Se yon mizik ki touchem anpil e ou menm eske ou konprann li mye konnya ?