Microsoft Word pa sèlman fèt pou ekri tèks : li pèmèt tou pou kreye yon QR code dirèkteman, sanw pa oblije konn programe, san konplikasyon. Nan videyo sa a, nou eksplike an detay kijan pou jenere yon QR code etap pa etap, kijan pou mete yon lyen ladan l, ajiste kalite li, verifye li anvan itilizasyon, epi sovgade li pou entegre li nan dokiman administratif, materyèl edikatif oswa kontni pwofesyonèl. Gid sa a fèt pou tout moun ki sèvi ak Word chak jou men ki pa toujou konnen tout kapasite zouti sa a, avèk yon apwòch klè, dirèk ak pratik. #TEKTEK
Èske w te konnen ou ka etidye nan yon Inivèsite Ozetani san w pa kite Ayiti?
Rèv mwen se wè plis jèn pwofesyonèl ayisyen ap aprann, ap kreye, ap fè tèt yo travay.
Pa sèlman pou yo “gen yon diplòm”, men pou yo gen opsyon, gen vizyon, gen chwa.
Chak fwa mwen wè yon jèn gason antre nan gang, kè m fè m mal. Mwen imajine tout sa li te ka ye.
Yon enjenyè.
Yon pwofesè.
Yon antreprenè.
Yon espesyalis teknoloji.
Olye de sa, gen moun k ap peye l pou detwi lavi lòt moun ki sanble avè l,
pou detwi katye l,
pou detwi pwòp avni pa l.
Sa pa yon pwoblèm kapasite.
Sa se yon pwoblèm opòtinite, edikasyon, ak aksè.
Se pou sa mwen kontinye repete verite sa ke anpil moun pa konnen 👇🏾
Wi, ou ka etidye nan inivèsite nan mond lan SAN w pa kite Ayiti.
Gen inivèsite ameriken akredite, 100% online, ki aksepte elèv k ap viv Ayiti, tankou:
🎓 University of the People
🎓 Arizona State University (ASU Online)
🎓 Penn State World Campus
🎓 Oregon State University (Ecampus)
🎓 UMass Global
📚 Ou ka etidye:
• Business
• Computer Science / IT / Cybersecurity
• Education
• Health Administration
san viza, san vwayaje, san kite Ayiti.
Entènèt kraze fwontyè.
Edikasyon se yon zouti liberasyon, pa yon liks.
Mwen priye yon jou :
Ayisyen konnen fòs yo
Ayisyen fyè de idantite yo
Ayisyen konprann ke sa mond lan pè a, se potansyèl nou
Nou pa fèt pou detwi.
Nou fèt pou bati, dirije, envante, ak transfòme.
Si w se yon jèn ayisyen, ou pa piti.
Si w gen Entènèt, ou gen kle a.
Pataje l ak yon lòt, batay edikasyon an dwe batay nou tout.