@RodneyHayti Sa m renmen nan pati a tout moun ladanl gen yon sèl diskou. 🤣🤣🤣
M sèten si @RodneyHayti te de l'autre côté de la barrière li t ap gen yon lòt reyaksyon.
Antouka... Degaje nou!
Mwen apresye travay k ap fèt nan seksyon legalizasyon nan @MAE_Haiti a.
Chapo pou responsab la. Depoze #dokiman w jodi vin pran l demen. Epi disiplin nan anraje.
Bon bagay 👍
@robbygeff Si travay la te ka fèt global li t ap pi enterese toujou. Paske se pa sèl kanaval ki genyen. Kontinye gen bal, festival ak kèk lòt gwo espektak k ap fèt anlè PV anndan menm peyi a.
@altemajm M espere teknisyen ap suiv reyaksyon yo pou ka pote koreksyon.
Gen yon pwoblèm m konstate plizyè moun ap plenyen pou li se lè yo fin rantre Nif lan repons yo jwenn se « pas de droit de passeport pour ce Nif». Gen anpil ka konsa.
@synapoha@pnh_officiel SYNAPOHA n ap tann lè yon polisye touye yon lòt polisye nan fè fòs pou l rantre nan yon biwo imigrasyon ak pakèt dosye pou n soti nòt senpati pito?
Nou pa janm vle antisipe anyen?
@lacksguvens Li pa lòt bagay se rapò fòs.
Mèt Cadette, ni ou ni mwen e tout lòt moun k ap pale yo, nou konnen pwoblèm nan konplèks. Pa dwe gen sansasyon nan dosye sa se larezon ki dwe gen priyorite.
@lacksguvens Pou rapèl :
Lapolis al mennen operasyon anndan menm vilaj sa, bandi yo sezi yon cha, se negosye Lapolis negosye pou l pranl. Kadav polisye yo anndan jiska prezan.
Bandi bloke gaz vare, negosye Leta negosye pou l debloke. Menm Leta ap kouri pou bandi.
@lacksguvens M rete kwè pa gen okenn nan nou ki t ap renmen nan plas Izolan ak Tony mix e lòt atis k al jwe deja yo. Se pa paske nou pap viv sitiyasyon an pou n ap pran pòz se yon senp bagay li ye.
M sèten sitiyasyon an pat fasil pou atis yo.