Madame Celeste Amarilla,
Vous êtes une femme méprisable et indigne de sa fonction.
Vous ne représentez pas le Paraguay, ce pays qui a transpiré la passion et l’honneur tout au long de la compétition. Par votre inconscience et votre racisme décomplexé, le monde entier a déjà oublié le parcours et l’effort historique que vos joueurs ont réalisés durant cette coupe du monde pour laisser place à une dame incompétente donnant la pire image possible de son pays.
Je ne laisserai jamais aux gens comme elle, la liberté de laisser propager leur haine et leur racisme à travers le monde.
Jaden Phliogène-Bidace fèt nan lane 2002 nan peyi Angletè. Misye pase nan Stoke City, Cardiff, Hull City ak Aston Villa. E depi kòmansman 2025 sa, li nan Ipswich Town.
Li se yon jèn elye ki konn jwe anpil. Li te konn jwe pou ekip jèn Angletè yo e li te menm fè yon gòl ki te nomine nan Puskas Awards, pri ke la FIFA remèt pou pi bèl gòl sou yon ane an.
Lè Sebastien Migné te fèk nome coach Ayiti, misye te bay BBC yon entèvyou e non Jaden te youn nan non ke l te site kòm ranfò pou Grenadye yo menm jan ak Bellegarde. E nan kiryozite m kòm jounalis, mwen te deplase al rankontre Philogène, ki t ap jwe yon match amikal nan Red Bull Arena Aston Villa kont RB Leipzig nan mwa Dawout 2024 la.
Aprè match la, nan zone mixte, m te gen chans kwaze ak misye. Lè m te apwoche l sou èske l gen chans pou l vin jwe pou Ayiti, li te reponn mwen : “Haiti ? What ? I am not Haitian.”
Mwen te menm mande l èske paran l yo pa gen lyen ak Ayiti, misye te reponn mwen : “NON”.
Semèn sa la, m remake gen anpil rimè k ap sikile sou non misye pou fè kwè l ta anvi jwe Mondyal 2026 lan pou Ayiti. M vle fè nou konnen ke jiska prezan, ni jwè a, ni antouraj li pa janm evoke anyen sou sijè sa. Bò kote FHF, pa gen okenn demach ni pale ki fèt pou li paske misye pa nan radar ekip la selon enfòmasyon m genyen.
Jwè a fokis nan klèb li e deja di l pa gen anyen pou wè ak nou. Nou menm tou, n ap regle afè pa nou e nou fokis sou sa ki vle vini yo.
Gen medya ki menm evoke ke li gen orijin nan La Dominique. Donk malgre misye ta gen yon siyati ki sanble ak moun ki gen orijin an Ayiti… LI PA AYISYEN.
✍🏽 Caleb Jephté Pierre
M renmen direksyon @realbakypopile pran an. Pou yon atis, bay tèt li libète pou kreye pi lwen pase sa fanatik yo ak endistri a atann de li, se pa yon bagay ki fasil. Souvan moun vle tande menm bagay yo deja konn tande. Men, veritab atizay la se lè ou pouse limite ou, siprann piblik la, epi eksprime yon vizyon ki soti fon kè w.
Se sa ki fè m respekte pwopozisyon albòm Kaia a.
M swete li siksè paske Souvan se pi gwo risk yo ki fè moun reziste an premye, men se yo menm ki vin make tan apre.
an menm tan 21 minit selman an di! M vle plis!!