Sa se " pyramide de Maslow" ki klase bezyen chak moun an 5 etap.pou nou viv bien chak moun ta dwe konble bezyen sa yo,an ayiti nou paka menm satisfè bezyen primè yo ki se: (mange,bwe,domi,respire,lojman,sante,travay .),sa ki vinn mete nou nan yon K.O.
Eske pwogram imanitè Biden lan te sèlman yon jès imanitè, oswa èske li te sèvi tou enterè ekonomik Etazini?
Lè pwogram #BIDEN la te lanse, ekonomi ameriken an t ap fè fas ak yon gwo mank mendèv nan plizyè sektè. An menm tan, enflasyon te rete yon gwo defi pou administrasyon an. Lè yo te pèmèt plizyè santèn milye moun antre legalman pou travay, sa te ogmante rezèv mendèv la epi li te kapab diminye presyon sou salè nan kèk sektè.
Sa pa vle di se sèl rezon ki fè enflasyon an te bese. Nou kapab konside Politik Rezèv Federal la, amelyorasyon chèn apwovizyònman yo ak lòt faktè te jwe yon gwo wòl tou. Men, li pa san rezon pou poze kestyon si pwogram imanitè a te gen tou yon objektif ekonomik anplis dimansyon imanitè li.
Nan politik piblik, souvan yon sèl mezi sèvi plizyè objektif an menm tan.
https://t.co/r0LmgqT5Xh
⭕️ENFO | Nan yon entèvyou li bay @radiomagik9, madi 28 jiyè 2026, @GuerlineMJozef di, si gen yon enstans ki ka fè liy yo bouje nan dosye sa a, se ekip ki sou pouvwa an Ayiti.🇭🇹Responsab @HaitianBridge Alliance lan deklare, e nap site : « sèl gouvènman Ayisyen an ki ka sove benefisyè TPS kap viv Etazini yo ». Daprè defansè dwa imigran an, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a kapab antreprann yon pledwaye bò kote otorite amerikèn yo,🇺🇸pou eksplike yo sitiyasyon ki genyen pou kounya an Ayiti, epi fè yo konprann kondisyon politik ak sekiritè yo pa favorab pou yo akeyi tout moun sa yo. Mme Jozef mande otorite Ayisyèn yo pou bay priyorite a lavi 350,000 konpatriyòt ki sou TPS, kap viv nan laperèz aktyèlman sou teritwa ameriken an | LSV