Pandan w ap chache lajan pou peye kou… gen yon platfòm GRATIS ki rele MODERN STATES. 🎓
Yo bay plis pase 32 kou nivo inivèsite GRATIS sou sijè tankou:
📖 English
➕ Algebra
🧠 Psychology
💼 Marketing
🔬 Biology
🧪 Chemistry
💻 Information Systems
📈 Economics
ak anpil lòt ankò.
🌍 Si w Ayiti:
Ou ka itilize li GRATIS pou aprann epi ranfòse CV ou.
🌎 Si w nan dyaspora:
Ou ka menm itilize li pou jwenn kredi kolèj atravè egzamen CLEP epi ekonomize dè milye dola.
Nou nan yon epòk kote:
📱 yon telefòn
🌐 entènèt
🧠 disiplin
ka chanje lavi yon moun nèt.
Yo pa ka retire sa w mete nan tèt ou. Kòmanse jodi a.
Modern states: https://t.co/egsT8ExHFJ
Kayou: https://t.co/3DknlWyovJ
M ap tann nou tou nan kominote Kayou a. 🇭🇹
M kanpe sou Delmas la m ap tann yon moun, gen yon Dam ki anndan achiv national ki sòti. Ki kouri sou mw k ap bo m byen bo sou bouch, banm akolad pase men nan tèt mw. Se aprè l gade m fix, li di m Woyy eskize m wi. M panse se Kervens wi🤦🏽♂️ M di l pa gen pwoblèm, se jis yon erè😌
UNICEF te ede m kòmanse karyè mwen nan Nasyonzini nan fè benevola Pou yo🙏🏽
Jodi a, mwen vle pataje yon resous ak tout moun, sa se platfòm mondyal UNICEF pou aprantisaj ak devlopman pwofesyonèl.
📌 Li gratis nèt
📌 Fasil pou itilize, sou òdinatè, tablèt oswa telefòn
📌 Sètifika Dijital $0.00, zewo dola!
📌 Aksede l depi nenpòt kote nan mond lan
Pataje ak tout moun ou konnen ki bezwen yon bèl opòtinite gratis! 🌍
Ale isit la: https://t.co/AoRlItUDTL