𝗧𝗶 𝗺𝗼𝘀𝗼 𝗟𝗶𝘀𝘁𝘄𝗮
19 jiyè 1907, Philomène Matthieu, madanm jeneral Eugène François Magloire, akouche yon ti gason nan Quartier-Morin, yo batize l, Paul Eugène Magloire.
Lè Magloire fini klas segondè li, pandan li ap etidye dwa, li t ap bay bourad Kòm pwofesè lekòl. Nan lane 1931, li pral sòti ak diplòm avoka li, men depi 1930, li anwole nan lame pou l kapab swiv tras papa l.
Nan lane 1944, aprè yon bèl pakou kòm militè, Magloire pral okipe youn nan pi gwo pòs ki genyen nan lame a, kòmandan an chèf polis (militè) tout depatman lwès la.
Lè jenerasyon 46 la pral lanse mouvman ke yo menm batize “revolisyon 1946” la, kont prezidan Elie Lescot, Magloire pral youn nan otorite ki pral apiye mouvman an e menm konseye prezidan an kraze yon kite sa. Se konsa li menm avèk Franck Lavaud, Antoine Levelt pral pran tèt peyi a ak yon pouvwa 3 tèt pou yon ti tan.
Se Dumarsais Estimé ki pral vini prezidan peyi a, men kòm nouvo manm pati Mouvement des Ouvriers Paysans, Magloire pral kanpe an fas Estimé jouk li fòse l kite pouvwa a nan lane 1950.
8 oktòb 1950, Ayiti òganize premye eleksyon kote se pèp la ki vote. Anvan sa, se te toujou palman an ki te abitye chwazi moun ki pou dirije peyi a. Ak sipò pouvwa pwovizwa a, Magloire ap vini prezidan dAyiti.
Kòm li te montre l pa nan konkonbrèt ak kominis, gouvènman ameriken an te kenbe men l sou pouvwa a. Se sou menm liy sa a, nan lane 1955, li menm ak madanm li, Yolette Leconte ap debake Washington.
Se vis prezidan Richard Nixon ak madanm li k ap deplase pou vini akeyi yo. An aprè, prezidan Dwight Eisenhower ak madanm li pral resevwa yo nan “maison blanche”, kote y ap òganize pou yo, yon resepsyon wololoy. Magloire pral menm fè diskou devan palman ameriken an, kote depite ak senatè te reyini pou tande l.
Malgre tout kole zepòl sa a, kominis yo ak yon bon pati nan popilasyon an pral leve kanpe kont Magloire. 6 desanm 1956, li oblije bay dèyè l 2 tap e se prezidan kou kasasyon an, Mèt Nemours Pierre-Louis, ki pral ranplase l.
𝙎𝙤𝙪𝙨:
𝙃𝙖ï𝙩𝙞: 𝘼𝙪 𝙧𝙚𝙫𝙤𝙞𝙧 𝙈𝙖𝙜𝙡𝙤𝙞𝙧𝙚
(𝙏𝙞𝙢𝙚, 24 𝙙𝙚𝙨𝙖𝙣𝙢 1956)
𝙋𝙖𝙪𝙡 ���𝙪𝙜è𝙣𝙚 𝙈𝙖𝙜𝙡𝙤𝙞𝙧𝙚 𝙡 𝙋𝙧𝙚𝙨𝙞𝙙𝙚𝙣𝙩 𝙤𝙛
𝙃𝙖𝙞𝙩𝙞
𝙀𝙣𝙘𝙮𝙘𝙡𝙤𝙥𝙚𝙙𝙞𝙖 𝘽𝙧𝙞𝙩𝙖𝙣𝙣𝙞𝙘𝙖
1/2
J'ai visité Des Habitants de Carrefour feuilles, réfugiés dans plusieurs endroits au centre ville, particulièrement,à l'Eglise de Dieu rue du Centre.
Maten an m leve mfonw pase sou tiktok ak Instagram mal tonbe sou paj @LisaDorval mfè plis ke inèdtan ap gade mezi video li poste yo mfini pa reyalize ke gen espwa pou peyi Dayiti. Lisa se senbòl kouraj,pozitivite,kreyativite ak siksè.
@Hitmagazineht@Jhanedouze#Dorvallisa .
Sa gen on bon ti tan depi map suiv @JhonsonNapoleon, Mfini pa konprann ke ayisyen gen anpil kapasite nan zafè Biznis men se sitiyasyon peyi a ki fè anpil oblije paka soti tèt yo. An nou travay pou'n retire Peyi nou🇭🇹 nan sa'l ye la.
Bon travail @JhonsonNapoleon@Atyspanch#Haiti
Nous avons un Pays qui s'effondre. Unissons Nous, tenons nous la Main, Marchons d'un même pas. Vive la Liberté,l'Egalité et vive la Fraternité.'. dans toutes ses dimensions Vive Haïti🇭🇹🇭🇹❤️❤️
@TholbertJean@alexandre_rony@genard_joseph@georges_fredely @ChristelleMete #ayitiavan
@TholbertJean@DrArielHenry Yo fenk kare fache! Se pou peyi a Vanse! Se pou jèn yo gen bon jan modèl tankou @TholbertJean Peyi sa paka kraze! Viv Haïti✊️✊️✊️
Ah,qu'il est beau de voir des frères d'un même amour Unis entre eux! Esprit de Dieu tu les éclaires tu les Embrasent de tes feux.Leurs Chants pieux et leurs Prières comme un encens Montent aux Cieux.A nous seuls Connu:.@fraternite1824@Boulay_Michel@FMaconnerieMag@TholbertJean.
Pour ce 12 Aout qui représente la Journée Int'le de la Jeunesse, J'invite tous les Jeunes, particulièrement Haïtiennes et Haïtiens à s'Unir afin d'obtenir un avenir Meilleur pour notre Haïti Chérie.
@TholbertJean @el_braado @ThimotePhito@mjsacinfo @ChristelleMete @CholzerChancy