WhatsApp ap prepare pwòp sèvis cloud pa li pou moun ka sovgade foto, videyo ak fichye yo pataje sou aplikasyon an, san yo pa depann sèlman de Google Drive sou Android oswa iCloud sou iPhone. Sa ki fè nouvèl la enteresan, se paske WhatsApp vle mete chifreman bout-an-bout kòm règ prensipal la, sa vle di menm Meta pa ta dwe kapab li kontni sa yo dirèkteman; men sa pa vle di pa gen okenn done ditou ki rete vizib, paske enfòmasyon tankou kantite espas ou itilize, konbyen fwa ou fè backup, ak jan done yo òganize kapab toujou egziste kòm metadone. Sou yon bò, sèvis sa a ka bay itilizatè yo plis kontwòl ak plis konfidansyalite; sou yon lòt bò, li montre tou kijan gwo platfòm yo ap chèche fè nou rete pi fon andedan ekosistèm pa yo. Lè WhatsApp pwopoze 2 GB gratis epi petèt yon plan 50 GB anviwon 152 goud (1,16 USD), sa parèt tankou yon ti sèvis senp, men lè w sonje WhatsApp gen plizyè milya itilizatè atravè mond lan, menm yon ti abònman konsa ka tounen yon gro sous lajan pou Meta. Nan epòk n ap viv la, cloud pa sèlman yon kote pou sere foto; li vin tounen yon nouvo teren batay pou kontwòl done, fidelizasyon itilizatè ak pouvwa ekonomik. Kesyon an pa sèlman “kote m ap sere backup WhatsApp mwen?”, men pito “ki konpayi k ap vin gen pi gwo wòl nan lavi dijital mwen?” #TEKTEK
Apple sot lage yon nouvo mizajou iOS 26.4.1 pou iPhone ki vini pou ranje yon gwo pwoblèm ki te kraze fason iCloud ap mache a 🔄 Anpil moun pa t menm rann yo kont, men telefòn yo pa t ap senkronize byen ankò: si ou fè yon chanjman sou yon aparèy (tankou foto, modpas oswa done nan app), li pa t parèt sou lòt aparèy ou yo. Sa te ka lakòz ou pèdi enfòmasyon oswa fè erè san ou pa konnen ⚠️ Kounye a ak mizajou sa a, tout bagay retounen nòmal. Si ou gen yon iPhone (iPhone 11 rive jiska iPhone 17), li enpòtan anpil pou ale nan Settings > General > Software Update pou mete telefòn ou ajou touswit, paske se yon mizajou ki vrèman enpòtan pou sekirite ak bon fonksyònman telefòn ou #TEKTEK
Contacté nous pour immortalisé vos moments avec des prises de photos 📸
Berry Design💻🧑🏾💻📸
Photographe professionnel
Le choix idéal pour transformer vos meilleurs moments en souvenirs avec une click 📸
Faite vos réservations dès maintenant …