🔵 Première rencontre entre l’Inter et Genoa pour Josep Martinez ! Genoa demande 18 millions.
Ausilio et Baccin ont également rencontré Botines, l'agent de Filip Jorgensen.
~ @DiMarzio
#𝐑𝐞𝐬𝐨𝐮𝐫𝐜𝐞𝐬: Pi gwo pwoblèm lan se jwenn travay koulye a, mwen te di sa maten an, men yon pwofesè m te toujou klewonnen sa nan yon klas marketing: "toujou gen travay se kalifikasyon ki toujou manke", pawòl sa te tonbe byen, kòm ekzanp li te toujou di ale gade @nouvelliste , toujou gen job ki poste! Pran ekzanp lan ou menm , ale sou @indeed , @LinkedIn pou wè valè job ki genyen.
Semènn sa mwen te pataje @lingoda ak nou pou pran kou anglè online paske lekòl gentan chaje, 👉https://t.co/a1udquPZfN lòt semènn map genyen yon “career coach” kap “coach” pou mwen 3 #followers mwen pral triye nan moun ki toujou rete konekte.
Kòman pou nou jwenn yon job nan @Walmart , @amazon elatriye….
Banm lòt semènn pou yon ti videyo ki pral ba nou teknik yo.
Anatandan kontinye pataje.
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Jodi a mwen pa bwè pou m pale dosye sansib ak nou, dosye menm yon fanmi oubyen zanmi pap pran chans pale ak nou. Men map fè figi m byen di pou m nou reyalite. An bon lojik gran moun pa ret kay gran moun pou anpil tan, nou tout dakò sou sa.
Plan sa mwen pral esplike la, si ou swiv li byen nan 6 mwa ou 7 pou plis ou ka remèt bòfrè w la kle a, di l bèl mèsi pou bourad la, ba li bèl akolad epi ou mache cha!
▪️Depi jou ou te antre isi an, ak paspò ak I-94 ou, ou te kapab fè yon kat bank. Pa di m ak ki lajan paske ak $25 ou ka louvri yon kat men ann rale lòt kat pou jwèt la pi bèl. Nan menm bank lan, mande yon kat kredi ki ap ede w bati kredi ou, sa ka koute $200 konsa. Si w jwe byen ak code sa ou ka fè ti monnen sa, gen moun ki fè $1.000 ak li 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Pa bliye ou ka ouvri yon kat ak plis kòb toujou men se yon kat pou kontwole abitid ou kòman w jere lajan. Pa depanse anpil sou li epi toujou peye l bonè, si ou byen fè sa, nan 90 jou ou plis bank lan ka pouse w kòb ou te louvri kat lan epi fè l tounen yon kat kredi ak plis kòb sou li.
▪️Menm jou sosyal ou tonbe a (paske depi ou byen fil kat lan wap jwenn yo menm lè, wè ak yon pwofesyonèl pou plis detay @Acdrivingsch ) ale nan bank lan pou ajoute sosyal ou kèk jou aprè wap kòmanse wè kredi “score” ou ap monte.
▪️Depi a 600 ou kòmanse gen kredi nan men w, pa sispann travay sou li se enpòtan. Ak kat travay ou kòmanse chèche travay, konekte ak zanmi se premye kote ou jwenn koulwa travay. Bim! Ou jwenn yon travay nan Walmart oubyen Amazon. Koulye a kòmanse fè plan ou. Pa bliye Telechaje 7 kesyon ak repons yo plis poze nan yon entèvyou, li gratis ou ka fè yon donasyon tou si ou vle 👉 https://t.co/lwddXx5j1L
▪️Ekonomize 3 mwa travay, karese kredi an toujou, avanse! Avanse! Si tout sa yo fèt mwen pral montre nou pi bon kote pou nou jwen yon bèl chanm pou òganize nou. Pou solidifye estabilite ou, ou kapab jwenn ak yon zanmi pou nou viv ansanm ( Roommate).
▪️Wap jwenn yon bèl chanm a $900 a $1000 sou https://t.co/Y0syUInil2. Avantaj li genyen ou pa oblije nan premye ak dènye mwa depozit, epi pil lajan pou kalifye, se rantre tèt dwat. Ou ka jwenn yon chanm tou nan https://t.co/EXtCVbIfZk anpil ladan yo konn tou meble kidonk wap « save » anpil lajan. Mwen pa nou 2 sa yo men gen toujou men sa yo se garanti.
��️Ou gen kredi , mwen montre w kòman pou fè sa, ou gen "saving ", ou gen travay mwen montre w kòman pou chèche e jwenn youn, mwen montre w teknik pou solidifye paske si youn nan nou pèdi travay 3 mwa « saving » lan ak kredi w kapab ede ou batay, mwen montre nou kòman pou jwenn yon bèl chanm tou meble. Jwèt la nan men nou.
Koulye a, pa bliye janm fonksyone, map sèlman tann nou #pataje paske enfòmasyon sa yo kapab ede yon lòt.
#Integration #Haiti
🧵Imigrasyon : Ajan @CBP yo rankontre plis pase 276 mil imigran ki vle Azil pou rantre Etazini,daprè @CBSNews gen plis pase 50mil moun ki rive chak mwa sou fwontyè meksik ak Etazini an nan lide pou rantre ozetazini, daprè jounal ameriken an @nypost, kesyon imigrasyon an rete youn nan pwen fèb pou administrasyon Biden nan,malgre pwogram imanitè a,moun yo pa sispan rive sou fwontyèa ,administrasyon Biden nan di li choke lèl li wè tout moun sa yo ap fè presyon sou sistèm imigrasyon ameriken an .
USCIS is committed to using as many available employment-based visas as possible in FY2024. To better assist interested applicants, we’ve created a list of frequently asked questions.
To view these questions and answers, visit: https://t.co/MeWW2QdeMf