🚨 Mizajou lojisyèl se youn nan pi bon zam kont pirataj!
Nan yon epòk kote atakè yo ap chèche eksplwate chak feblès nan sistèm nou yo, li enpòtan pou nou pa neglije mizajou sekirite yo.
Chak mizajou kapab korije vilnerabilite, fèmen pòt pou entri epi pwoteje done pèsonèl nou.
Pa tann yon atak rive pou w pran sekirite dijital ou oserye. Mete aparèy ou yo ajou! 🔐
- M pa fòse w son konsèy 😅
🚨 Li toujou enpòtan pou fè yon sovgad (backup) telefòn ou sou yon òdinatè, pou w ka pwoteje done w yo epi rekipere yo an ka ijans.
- M pa fose w son konsèy 😅
🚗BMW di NON ak Apple CarPlay Ultra!
BMW konfime li pap entegre CarPlay Ultra nan nouvo machin li yo. Rezon an? Konpayi an vle kenbe kontwòl done machin yo pou garanti sekirite ak pwoteje sistèm pa li a.
CarPlay Ultra kapab kontwole plizyè ekran nan machin nan, tankou tablo vitès, klima ak lòt enfòmasyon.
Men, gen yon bon nouvèl: CarPlay klasik ak Android Auto ap kontinye disponib nan machin BMW yo.
BMW vle kenbe pwòp teknoloji li pandan l ap kite kliyan yo chwazi.
📱 Apple chanje estrateji li pou iPhone Duo a apre eskandal Crackgate la!
Olye Apple kontinye ranplase iPhone Duo ki gen ekran entèn yo fann, konpayi an kòmanse ofri reparasyon dirèkteman nan Apple Store ak sant sèvis otorize yo.
Reparasyon an ka mande ranplasman ekran pliab la, charnyè a ak 2 batri yo. Operasyon an pran anviwon 2 èdtan, epi li gratis si Apple konfime se yon defo fabrikasyon.
Avèk AppleCare+, ranplasman konplè aparèy la toujou posib.
Èske Apple ta dwe fè yon pwogram reparasyon espesyal pou tout iPhone Duo ki afekte yo?
🚨📱 Yon lòt pwoblèm parèt sou iPhone Duo a!
Yon videyo LIVE montre ekran entèn yon iPhone Duo ki domaje pandan itilizatè a t ap ouvri telefòn nan. Yon liy klere ak yon tach nwa parèt toupre pli ekran an, epi tach la kòmanse gaye.
Apple te deja rekonèt gen kèk aparèy ki afekte ak pwoblèm sa a, men kòz egzak la poko konfime.
Èske sa kapab vin tounen yon gwo feblès pou telefòn pliab Apple la?
🔊 WhatsApp ap lanse Sound Stickers sou iPhone ak Android!
WhatsApp ap entwodui yon nouvo fonksyon ki pèmèt itilizatè yo kreye stickers anime ki gen son ladan yo.
Men sa ou kapab fè avèk nouvo fonksyon an:
🎬 Transfòme yon videyo nan yon sticker anime.
🎵 Ajoute son orijinal videyo a.
😂 Chwazi efè son ki disponib yo.
🎙️ Anrejistre pwòp vwa ou.
📁 Enpòte fichye odyo ki sou telefòn ou.
Lè ou voye sticker la, moun k ap resevwa l la kapab peze ti ikon odyo a pou tande son an. Li rete an silans pa default epi son an repete 3 fwa.
Fonksyon an deja kòmanse disponib pou kèk beta testers sou iOS ak Android, men deplwaman an ap fèt piti piti.
WhatsApp kontinye ap fè eksperyans mesaj yo vin pi entèaktif!
📱 Motorola ap prepare yon nouvo smartphone pliab ki pi konpak!
Motorola sou wout poul lanse Razr Flex, yon nouvo telefòn pliab ki ka rivalize ak Galaxy Z Fold 8 ak iPhone Duo.
Men kèk karakteristik ki parèt nan enfòmasyon ki koule yo:
📺 Ekran entèn OLED 6.92 pous, 165 Hz.
📱 Ekran ekstèn OLED 4.97 pous.
🔋 Batri 5,000 mAh.
📸 De kamera dèyè 50 MP.
🤳 Kamera selfie 32 MP sou chak ekran.
⚡ Chaj san fil Qi2 25 W.
💾 12 GB RAM ak 256 GB depo dapre pri ki koule a.
Pri li ka anviwon $1,655 selon yon revandè, men enfòmasyon sa a poko ofisyèl.
Motorola ka prezante l nan mwa desanm. Èske yon telefòn pliab ki pi piti konsa kapab fè konpetisyon ak Samsung e Apple?
❗️Google rapòte li obsève atak enfòmatik kote zouti AI kapab ede kriminèl yo chèche feblès nan lojisyèl, prepare eksplwatasyon feblès sa yo epi kontinye atak la otomatikman.
Se yon rapèl ke entelijans atifisyèl kapab sèvi tou kòm yon zouti pou rann atak sou sistèm enfòmatik pi rapid.
Sa sa vle di pou nou: Mete aparèy ak aplikasyon nou ajou, itilize modpas solid epi aktive verifikasyon an de etap vin pi enpòtan toujou.
🚨 Itilizatè iPhone yo anba avètisman!
Pavel Durov, PDG Telegram, ap ankouraje itilizatè iPhone ki sou ansyen vèsyon iOS yo pou yo mete aparèy yo ajou.
Dapre li, pirat yo ta ka konpwomèt yon iPhone jis lè itilizatè a ouvri yon sit entènèt malveyan. Telegram ap voye mesaj bay itilizatè yo pou ankouraje yo mete iOS ajou pou pwoteje done ak kont yo.
Apple deja korije plizyè vilnerabilite sekirite nan iOS 27.2.
📱 Konsèy: Ale nan Settings → General → Software Update pou verifye si gen mizajou ki disponib pou iPhone ou.
🚨 Men sa k ap fè aktyalite teknoloji a jodi a!
🤖 OpenAI vs Apple: Lagè ant 2 gwo konpayi yo ap vin pi grav. OpenAI kont-atake Apple nan tribinal, li akize konpayi an dèske li ta pran sekrè komèsyal li yo.
🔐 Sekirite enfòmatik: SAP konfime li ap mennen ankèt sou yon ensidan sekirite nan sistèm li yo. Pandanstan, gen rapò ki fè konnen platfòm Cloud One Lame Ameriken an sibi yon pirataj.
📱 Mache smartphone: Apple ap ranfòse pozisyon li Ozetazini. Pati li nan mache a monte soti 50% pou rive 57%, pandan lavant smartphone yo bese 9%.
🧠 Entèlijans atifisyèl: Konpetisyon nan domèn AI a ap kontinye ogmante, sitou nan devlopman nouvo aparèy ak enfrastrikti teknolojik.
Teknoloji ap evolye rapid, men sekirite ak konpetisyon rete 2 gwo defi endistri a! 🚀
#TechNews #Apple #OpenAI #Cybersecurity #AI
📱 iPhone Duo: 5 avantaj ki fè li yon smartphone espesyal!
Premye iPhone pliab Apple la pa sèlman yon telefòn ki gen yon ekran ki pliye. Men 5 bagay ki fè li diferan:
1️⃣ Multitâche: Ou kapab itilize de aplikasyon an menm tan.
2️⃣ De aparèy nan youn: Itilize l fèmen tankou yon telefòn nòmal oswa ouvè tankou yon ti tablèt.
3️⃣ Yon ekosistèm aplikasyon: Plis pase 200,000 aplikasyon deja adapte ak fòma ekran an.
4️⃣ Eksperyans lekti: Gwo ekran an bay yon eksperyans ki sanble ak yon liv elektwonik.
5️⃣ Mwens akseswa: Fòm li fè li pi fasil pou kenbe epi itilize san lòt akseswa.
iPhone Duo montre kijan Apple ap chanje fason nou itilize smartphone yo. 📲
🔴 Apple gen pou l prezante yon HomePod mini 2 an koulè wouj (PRODUCT)RED!
Foto bwat pwodwi a deja parèt sou entènèt, e kèk inite ta deja rive nan Apple Store.
Nouvo vèsyon an gen yon twal wouj vif, pandan pati tactile ki anlè a rete blan. Pa gen okenn chanjman teknik ki prevwa, se menm HomePod mini 2 a ak yon nouvo koulè.
Prezantasyon an ta fèt anviwon 1ye desanm, nan okazyon Jounen Mondyal Kont SIDA a, pandan Apple ap selebre 20 ane patenarya li ak (RED).
🚨 ALÈT SOU PIRATAJ AK SEKIRITE DIJITAL! 🔐
Nan dènye jou sa yo, n ap remake yon ogmantasyon plent konsènan pirataj ki vize plizyè biznis ak itilizatè platfòm dijital yo. Anpil itilizatè WhatsApp ap plenyen tou akoz pwoblèm sekirite ak aksè san otorizasyon sou kont yo.
Sa ta dwe fè nou tout pran sekirite dijital nou pi oserye. Pirataj pa sèlman yon pwoblèm pou gwo antrepriz; nenpòt moun ka vin yon sib.
🛡️ Men kèk konsèy pou pwoteje tèt nou:
- Aktive verifikasyon an de etap (Two-step verification) sou WhatsApp.
- Pa janm pataje kòd verifikasyon ou resevwa pa SMS.
- Pa klike sou lyen sispèk.
- Pa bay okenn moun aksè ak kont ou.
- Mete aplikasyon ak aparèy ou yo ajou.
- Sèvi ak modpas solid e diferan pou chak kont.
Sonje byen: Nan mond dijital la, sekirite pa yon opsyon, se yon nesesite. Pa tann ou viktim pirataj pou w kòmanse pwoteje tèt ou.
🔒 Pwoteje done w, pwoteje idantite w, pwoteje vi prive w!
#CyberSecurity #Hacking #WhatsApp #DigitalSafety #NerTech
Apple ka itilize yon nouvo teknik fabrikasyon pou iPhone 20 Pro li yo, ki espere rive an 2027 pou make 20yèm anivèsè iPhone a.
Dapre yon leaker sou Weibo, Apple ka itilize teknoloji enpresyon 3D ak poud Titàn, ansanm ak lazè, pou fabrike ankadreman estriktirèl iPhone 20 Pro a.
Teknik sa a ka pèmèt Apple fabrike yon ankadreman ki pi solid, men pou kounye a, pa gen okenn tès ni konfimasyon ofisyèl ki montre avantaj sa yo.
Apple deja itilize enpresyon 3D pou kèk eleman Titàn, tankou pò USB-C iPhone Air la, epi li itilize yon pwosesis menm jan an pou kèk boîtier Apple Watch.
📱 iPhone 20 Pro ta ka gen yon edisyon espesyal an seramik!
Dapre yon rimè ki soti sou rezo Weibo, Apple ta ap etidye posiblite pou lanse yon edisyon limite iPhone 20 Pro ak materyèl seramik pou selebre 20yèm anivèsè iPhone nan an 2027.
Pwodiksyon an ta ka trè limite, si pwojè a pase tout tès teknik yo. Pou kounye a, Apple poko konfime enfòmasyon sa a.
🚨 Yon nouvo malveyan deja enfekte plis pase 220,000 aparèy Android!
Konpayi sekirite Kaspersky dekouvri yon malveyan ki rele Keenadu, ki kapab antre dirèkteman nan sistèm telefòn yo depi nan fabrikasyon.
Li kapab manipile aplikasyon, fè fo klik sou piblisite, telechaje lòt malveyan epi vòlè done pèsonèl itilizatè yo. Gen kèk vèsyon ki kapab rete kache pandan anviwon 2 mwa edmi anvan yo aktive.
Sa ki pi enkyetan an, se paske li ka difisil anpil pou retire malveyan sa a menm avèk yon antivirus.
Sous: Kaspersky
"Pa kite pèsonn fè w prese viv lavi w. Chak moun gen pwòp ritm pa yo, pwòp batay pa yo ak pwòp moman pa yo. Sa ki enpòtan se pa rive anvan lòt moun, men rive kote w prale a san w pa pèdi tèt ou sou wout la."
Sonje: Se pa vitès ou ki defini siksè w, se direksyon w ap pran an.
🔌 Yon nouvo zouti pèmèt kontwole pò USB-C sou kèk Mac!
Yon lojisyèl open-source ki rele uhubctl pèmèt itilizatè yo aktive oswa dezaktive kèk pò USB dirèkteman sou Mac yo, san yo pa bezwen deploge aparèy fizikman.
Zouti sa a konpatib ak kèk modèl tankou Mac mini M4, Mac mini M4 Pro ak Mac Studio M4 Max. Li itil sitou pou moun k ap kontwole Mac yo a distans.
Sepandan, se pa tout pò USB-C oswa Thunderbolt ki sipòte fonksyon sa a.
#Apple #Mac #macOS #USBc #Tech
📱🌍 WhatsApp pral pèmèt ou achte eSIM pou vwayaj dirèkteman nan aplikasyon an!
WhatsApp anonse yon nouvo fonksyon ki pral pèmèt itilizatè yo achte epi enstale yon eSIM pou jwenn entènèt lè y ap vwayaje aletranje, san yo pa bezwen kite aplikasyon an.
Gras ak nouvo sèvis sa a, ou kapab evite gwo frè roaming, pandan w ap kontinye itilize menm nimewo WhatsApp ou abitye itilize a.
WhatsApp deja ap travay ak plizyè patnè tankou Verizon, Jio, Smart Axiata ak Smart Communications.
Sèvis la pral disponib nan kèk peyi an premye. Pri yo, peyi ki pral jwenn li yo ak dat lansman an poko anonse.