Ok,m konpran ou pat renmen Jovenel, li te komèt anpil erè sevre, men Poukisa tout proje l te vle reyalize nan peyi a, ou vle kraze tout,se pou Ayiti yo tap bon, oubyen pou li ?kale je nou
Si nou kite momentòm kanal pase nou pap jwen li ankò, se distrè yap distrè ak kesyon sanksyon sa yo, se pa sanksyon n bezwen tande kounye a, se arestasyon nap tann, louvri je nou,KPK
Kanal la se yon gwoup peyizan ki leve yon jou, yo di tet yo nou sispan pran imilyasyon nan men dominken, jodi a nou deside ak fòs ponyèt nou pou lavi rekomanse nan wanament,m kwè yon jou,Ayisyen ap deside pou lavi rekomanse an Ayiti
Kanal la fem menm kwè menm si nou s’on pèp emosyonel, men m plis fè peyizan yo konfyans, paske moun andeyò gen plis pesonalite ke nèg pòtoprens ki se gwo politisyen, men kap van peyi a pou nenpot plat lanti
Kanal la montre nou ke pèp sa,s’on bon maten lap leve pou libere Tèt li, li pap bezwen fòs etranjè kap pote vye maladi ba li, se ak fòs kouraj li sa ap posib
Kanal la fè nou reyalize se pa nan fè jèn priye chak jou, ou byen nan jete dlo trase vèvè nap devlope peyi a, men se nan mete men, aroze,plante envesti ansanm pou n sove Ayiti
Kanal la se la reconsilition de yon pèp ki divize,disloke,epapiye,zonbifye pa yon entènasyonal ki tj pretan ke lap ede nou, poutan se antere lap antere nou
Kanal la montré nou si vle nou kapab, li se yon deklik, le se yon yon Tèt a tèt, li yon volonté nasyonal, yon konsyans konlektiv, kanal rive mete gouvenman dominken ajenou.KPK
Pi gwo espwa Ayiti jodi a, se diaspora a, si ta gen 2,3,4,10, 20 mil Ayisyen ki mete Tèt ansanm nan yon gwo Konbit, mete lajan ansanm nou te KA relanse agrikilti nan gran nò a wi, mekanize l, modènizel, se yon gwo opòtinite RD ba nou KPK