Modèl videyo ki pa dwe pase inapèsi yo…
Ti pitit sa m pran plezi nan tande l k ap pale wi🤌🏾✨ Cassandra Marmontel
Si l isi an n a tag li pou mwen pou l konnen l gen yon fan✨
𝑫𝒆̀𝒔 𝑸𝒖'𝒐𝒏 𝑷𝒂𝒓𝒍𝒆 – Saison 01
- 𝐓𝐡𝐞̀𝐦𝐞 : Comprendre, explorer et intégrer l’Université d’État d’Haïti.
𝐄𝐩𝐢𝐬𝐨𝐝𝐞 𝟎𝟏 : À la découverte de la Faculté des Arts et des Sciences de l’Éducation (FASE) au Campus Henry Christophe de Limonade CHCL
#Universight#UEH
Ti moso Listwa
12 me 1984, Maurice Sixto, pi gwo lodyansè ayisyen an mouri nan Philadelphie. Pou ba ou yon ti lide tou kout de pèsonaj la, kite m tounen nan lane 2006 ak ou, kote nan Fondation Maurice A. Sixto, gras a dirijan li, Gertrude C. Séjour, m te genyen chans rankontre epi fè ti bat bouch ak yon moun ki kapab pale nou pi byen de Atis la.
Li toujou difisil pou mwen prezante m, paske m pase lavi m nan lonbraj Mòy, men non pa m se Marie Thérèse Torchon, mwen fèt 18 jen 1931. Papa m se Lévy Torchon, yon pitit Anse-à-veau epi manman m, Ata Hérard se timoun Petite-Rivière de l’Artibonite.
Aprè 2 eksperyans lanmou ki kraze, mwen te deside vire do bay fredi peyi Canada pou mwen al viv nan chalè République Démocratique du Congo.
Aprè yon bann tan nan avyon, m rive nan ayewopò a byen fatige. Bon chans pou mwen, m jwen yon gwoup ayisyen ki vini akeyi konpatriyòt yo ki t ap debake. Nan tèt ekip sa a te genyen Maurice Sixto, ki te abiye tankou yon chèf tribi. Mwen mache epi m jis lage m nan bra li. Lè sa a, ajan imigrasyon yo panse ke se sé li mwen ye, yo pa poze m okenn kesyon, yo tou mete yon so viza rezidans nan paspò m.
Se premye rankont mwen avèk Mòy, ki ta pral vini zanmi m, frè m, menaj mwen, bwat sekrè m epi mari m. Avèk li, m te toujou santi m an sekirite, plas mwen asire e mwen enpòtan. Malgre fanm t ap tonbe sou li tankou gout lapli, sa pat deranje m. Li gen yon pafen Guerlain li te konn mete, ki te konn fè medam yo depale. Lè konsa yo rele l « uncle Maurice ». Se te mari m, men m rekonèt tou ke Maurice se pat byen prive m, li se byen tout kominote a.
Pandan tout lavi li, Maurice pral viv avèk regrè ke li te vire do, kite Ayiti, al viv lòt bò dlo. Souvan, li te konn repete:
‘’Tous les soirs dans mon exil, je mets la tête sous mon oreiller et je pleure comme une femme pour n’avoir pas su défendre mon pays comme un homme.’’
Lavi an Afrique se te yon bèl eksperyans, men solèy la ki te cho anpil, te koz zye Maurice ki pat twò bon, pral vini pi mal. Se konsa nou pral kite kontinan zansèt nou yo pou nou ale Etats-Unis, wè doktè René Ruiz, ki li menm pral voye nou jwen yon pi gwo espesyalis, doktè Georges L. Spaeth. Maurice pral opere 2 fwa nan zye, men li te gen tan twò ta, li vini avèg.
Sou koze atistik, pou mwen Maurice se yon jeni, paske li rive konekte sosyete a. Granmoun tankou timoun renmen l, menm jan moun anwo tankou moun anba, sa ki rich ak sa ki pòv pran plezi yo tande l. Maurice pou mwen se yon Molière ayisyen, li fè radyografi sosyete a, anplis, li te gen tan wè anpil nan sa n ap viv jodi a.
Maurice pat janm ekri lodyans li yo. Kote li chita a, li rale « magnétophone » li epi li anrejistre.
Maurice pral mouri lakay nou, nan villa Léa Kokoye. M te sòti al achte yon lang bèf pou kwit pou li, se bagay li te renmen anpil. Pandan m pa la a, li limen yon sigarèt. Lè l tande m ap tounen l ap eseye etenn li paske doktè pat vle li fimen. Sigarèt la tonbe sou pijama twal swa ki te sou li a epi se konsa dife leve. Li te boule anpil e se sa ki pral koz lanmò li. Jou antèman l, li te abiye ak yon karabela ble le yon fanm te koud espesyalman pou li.
Tèks ak foto #2 : Richarson DORVIL