La déportation n'est pas réservée aux juifs !
N'en déplaise à @maitrepardo l'ONU vient de reconnaître la traite des africains comme "LE PLUS GRAND CRIME CONTRE L'HUMANITÉ DE L'HISTOIRE ".
Une victoire historique pour pour @Claudy_Siar et ceux qui dénoncent cette réalité depuis un siècle.
#onu #esclaves #africains #deportation
#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Yon moun ki aplike pou azil kapab aplike pou Green Card aprè yon lane yon ajan imigrasyon oubyen yon jij apwouve demann azil li an. (I-589).
Pandan sa, madanm ou ak 10 tyofi w yo mèt kòmanse prepare yo pou vini viv ak ou paske depi w approve tout moun ki te sou dosye w la pratikman jwenn azil tou menm lè yo pa nan peyi an.
Men 3 bagay ki pi enpòtan ou dwe konnen sou fason pou yo kapab apwouve azil ou an:
(Mwen pa chwazi tradwi mo oubyen kèk jagon nan zafè azil, yon fason pou nou kòmanse alèz ak yo).
✔️ Credible Fear of Persecution: Sa se manman koze a, ou dwe demontre pa A+B rezon byen fonde ki fè w pè tounen lakay ou , pa bliye agiman w yo dwe chita sou youn oubyen plis nan rezon sa yo : ras, relijyon, nasyonalite, gwoup sosyal ak opinyon politik
✔️Evidence and Documentation: Nan zafè azil se vre wap esplike pa A+B rezon ki fè w santi vi w te an danje, men plis enpòtan toujou se bay prèv sou sa w di an. Kote rapò polis ou si w te pran kèk kout kokomakak nan manifestasyon? Ki kote ou te pote plent? Kote kopi chèf de pòs lan te ba ou? Eske w genyen papye medikal ki esplike eta sante w aprè Tibobo te fin pase w anba bwa? Tout sa wap di li enpòtan pou bay evidans menm lè ou ka apwouve san li men fòk sa w di yo fè sans.
✔️Consistency and Credibility: Pou m klè ak nou fòk ou mete nanm sou nou. Ajan ki pral mennen entèvyou an pa egare. Ann di ou te pran baton nan yon manifestasyon Jakmèl ou pa ka di se Pòtoprens ou te pran l. Fòk nou konsistan tou si sa te pase an 2020 ou pa ka di se 2022 konsa sa w di yo ap depaman ak sa w te di avan. Kidonk fòk ou esplike rezon an jan li te prezante an paske menm kesyon an kapab vini plizyè fwa pou yon lòt fòm.
Janm toujou di l se sèl estati yon lòt administrasyon pa ka manyen ni rele tribinal menm jan ak #TPS oubyen #HHP. Tout jan ou tonbe li bon, li pran tan li bon yon kote li pa pran tan, ou gen plis chans jwenn rezidans aprè yon lane apwouve. Pa bliye kat travay 5 an epi lòt avantaj ankò.
Map redi l ankò, nou gen 15 mm gratis pou mande konsèy ak estrateji pou prepare demann ou an nan tout diskresyon ak @web509_llc . #WhatApp oubyen teks :
👉 https://t.co/YwXFzHMiFP
---
Pataje ak yon lòt, se enpòtan.
Gen 1 Atis ki mande m yon interview. M di li interview a pap itil li anyen si gen kèk sakrifis ke atis la pa pare pou fè. M tou ba li menm ak ekip li 75 minit konsiltasyon gratis nan telefòn. Yo kontan e dakò ak sa m di yo a. 2 jou apre atis la fè le kontrè de tout sa m te di li yo! 🤦🏾♂️
"Grande surprise! Medjy, du groupe Enposib, dévoile un nouvel album, déjà disponible sur toutes les plateformes de streaming numériques. Ne manquez pas d'y jeter une oreille! #NouvelleMusique#Enposib"