Mwen pa renmen lè n ap pale de « rale yon souf ». Sa ban m enpresyon apre yon sèten tan, fenomèn nan ka retounen. Menm lè lapè fin tabli sou tout teritwa nasyonal la. Se pa sèlman kontwole fenomèn nan nou dwe chèche, se eradike li nèt... Nou pa dwe janm aksepte pou bandi ak gwoup ame kontinye teworize popilasyon an. Nou dwe egzije Leta pran tout responsablite li pou garanti sekirite sitwayen yo, retabli lotorite li epi anpeche yon lòt fwa ankò menm sitiyasyon an repete. 🇭🇹🤝🏼🇸🇻
Pi gwo danje ki menase yon nasyon se pa sèlman mechanste gang nan lari, men se lè lidè ki swadizan gen responsabilite pou dirije l yo bèbè devan enjistis, avèk devan soufrans pèp la, epi souda devàn rèl moun k ap mande sekou.
Si m di yon moun pot 3 mitan teren ban mwen, ou fin pran ZZ, Iniesta,Modric, m di w oke fè l rive 5.
Ou ale ou pran Xavi, se byen apre ou pran Pedri, m t ap kenbe w m mare w epi m kalonen w a wòch, m kouri.
⚽️ Sa vle di yon jwè pa menm fini meyè jwè OKENN KONPETISYON li jwe sou yon sezon. Li pa meyè jwè klèb li sou sezon an, pou peyi l, se pa li non plis. Li pa pran youn nan 2 gwo konpetisyon sezon an, paske li regilye nan fè gòl, li meyè jwè mond 🤔🤔🤔