Martin Experience!
Yèswa ou pote frisson, ou pote kontantman, ou pote yon Experience Lakay mwen ke mwen pa gen dwa janm bliye. Mwen swete ou ale lwen nan football la Frèm. Yèswa ou fè kèm kontan zantray. Men m jan ak tout lòt yo, men sa w fè m viv yèswa pa gen pri🙏🇭🇹❤️🥺
📍Gonayiv | Mondyal 2026 | Sipò pou Grenadye Yo
Ayè vandredi 12 jen 2026 la nan apre midi, vil Gonayiv te abiye an ble ak wouj pou sipòte ekip nasyonal la avan premye match li nan Mondyal 2026 la kont ekip Ekòs.
Plizyè milye moun te nan lari ak drapo, twonpèt, klaksòn ,machin ak motosiklèt pou montre fyète yo. Yon cha te asire animasyon mizikal la ak mizik ki fèt pou Grenadye yo.
Yon bèl jès ki montre jan pèp la inil pou ekip nasyonal la. Yon siyal fò pou Grendaye yo pou ankouraje yo briye sou pi gwo sèn foutbòl nan mond lan.
🇭🇹⚽ TOP 10 BAGAY CHAK AYISYEN KI PRAL NAN KOUP DI MOND LAN DWE FÈ POU SIPÒTE GRENADYE YO
✅ Mete koulè Ayiti avèk fyète
✅ Aprann chante fanatik yo davans
✅ Rive bonè nan estad la
✅ Fè zanmi ak lòt fanatik ayisyen yo
✅ Pataje eksperyans ou sou rezo sosyal yo
✅ Respekte lòt fanatik yo ak òganizatè yo
✅ Chante menm lè match la difisil
✅ Aprann epi chante La Dessalinienne
✅ Rete jiskaske dènye siflèt la
✅ Sonje ou reprezante tout yon pèp
Nou tann moman sa a pandan 52 lane. Kounye a se moman pou nou montre mond lan pasyon, fyète ak inite pèp ayisyen an.
Ki lòt konsèy ou ta ajoute sou lis la?
🇭🇹 Ann ale Grenadye!
#Grenadiers2026 #Ayiti2026 #HaitiAtTheWorldCup #WorldCup2026 #Grenadiers #Ayiti #HaitiFootball #FIFAWorldCup2026
🧵 THREAD : Nou tout deja wè bagay sa nan match yo… men anpil moun pa menm konnen non li, kote li sòti, ni poukisa yo itilize l 👀
Bagay long sa k ap fè gwo bri nan match foutbòl yo rele Vuvuzela 🎺
Gen moun ki renmen l, gen lòt ki pa ka sipòte son li 😭
Kibò Vuvuzela sòti ? 🤔
Vuvuzela a soti nan Afrik di Sid 🇿🇦. Yo di li te enspire pa kòn tradisyonèl yo te konn itilize lontan.
Ki wòl li ? 🧐
Wòl li se :
➡️ Fè ekip la santi sipò fanatik yo
➡️ Mete anbyans nan estad la 🔥
➡️ Fè opozan an santi presyon 😭
Nan ki ane li te vin popilè ? 🌍⚽
Se an 2010, pandan Koup di Mond ki te fèt an Afrik di Sid, Vuvuzela a te pran tout popilarite sa.
Kiyès ki te fè l vin popilè ? 🎺
Se Freddie Maake, yon fanatik foutbòl nan Afrik di Sid, ki te ede fè Vuvuzela a vin popilè depi anviwon ane 1960 yo.
Apre kèk tan, anpil moun te mande pou entèdi l paske bri a te twò fò 😭
Gen moun ki te menm di li bay tèt fè mal oswa li deranje match yo
😅Kounye a, chak fwa w wè oubyen tande youn, omwen w ap konnen non li, kote li sòti ak poukisa yo itilize l 🎺👀