Erezman n ap montre chak jou ke anpil nan nou pa renmen Fidel vre, nou pap ede moun al nan syèl vre,
Se kob la nou jis ap fè avèk yo.
Gad sa ki te sou kè w pou Fidel legliz ou an,
Bon e si se yon temwanyaj li te ba w de kisa l te konn fè menm avan l konvèti.
Ou t ap vin repete l
Rezo sosyal pa dwe ranplase Chita nan baz , bò lakay ou ak zanmi w oubyen pwòch ou pou w pale football, se yonn nan fason pou w konprann football tou.
Si w te konn fè sa,
Ou t ap konnen ,se pa tout jwè yo rele k ap gen chans jwe.Genyen k ap jwenn chans yo, se si ekip la fin kalif
Nou renmen seleksyon an, nou sipòte l ak tout kè nou. Men si staff la vle montre li respekte pèp ayisyen an, fòk li bay jèn ki merite yo chans. Nan match kont Maròk la, fòk Woodensky Pierre titilè. Nou fè rans nou deja, kounye a kite l jwenn chans pa li pou l montre sa li kapab. Si nou te konnen nou pa t ap ba li menm kèk minit pou jwe, nou pa t dwe rele l ditou. Respekte talan an, respekte chanpyona nasyonal la, respekte peyi a. Ayiti gen anpil jèn ki kapab, men fòk yo jwenn opòtinite pou pwouve sa sou teren an. 🇭🇹⚽ #WoodenskydweTitilè #RespekteChanpyonaNasyonalLa
@fhfhaiti
Depi kèk tan , Ayiti sispann pwodui sitwayen, malgre anpil moun kontinye ap fèt.
Moun k ap mande toujou wè moun pa bay li ase paske l pa konn ki mizè moun pase pou fè kòb yo fè l kado a.
Se bon pou sè a, li petèt kite pitit li grangou jou sa pou l fè jès ak yon mandyan.
Pastè sa son move moun
Sa pa dwe pastè nan figi moun
Siw pa gen kapasite pouw konprann si se 200g li ba ou se paske se kil genyen
E anko se paske li gen valè pou li ki fel ba oul
Ou vin ri sa sou chè ou pa bon moun
Nou pap ka espere lòt nivo sitwayen ak modèl lekòl nou gen la a.
Fòk sistèm edikasyon an remanbre nan tout konpatiman l.
Leta pa ka ap jere lekol nan yon peyi, pou lekol leta nan eta sa.
Sonje byen , edikasyon an pa rezime nan vin rezoud 2, 3 egzèsis matematik.
Se tout bon majorite a dakò pou yon minorite ke politisyen ak blan ap telegide bay li bout teren??
You touye rèv nou, yo mete nou deyò lakay nou, nou pi mal ke moun k ap antrene pou kous kouri
E lè n pa gen kote pou n ale ankò, sa n ap fè??
Modèl jenès la reflete nivo edikasyon li resevwa.
Lekòl la fin kraze nèt depi lè nominasyon nan lekòl leta vin sou baz akwentans politik.
Yon nèg pa ka fin fè filo pou l ap anseye moun ki nan segondè .
Ansèyman an pa sèlman vin rezoud 2 pwoblèm mathematik.