Li evidan tout malè Ayiti pa soti deyò. Gen Ayisyen ki kontribye nan destriksyon peyi a, ki finanse gang, ki pwoteje yo e ki toujou fè enterè pèsonèl yo pase anvan enterè nasyonal la.
Men eritaj Dessalines pa limite ak batay kont trèt. Se yon eritaj libète, diyite ak souverènte tou.
Mwen apresye tout èd ki kapab pèmèt pèp ayisyen an reprann sekirite li. Men apre nou fin elimine gang yo, fòk nou kraze sistèm politik, ekonomik ak koripsyon ki pèmèt yo egziste sou tout fòm.
Paske si sistèm nan rete menm jan, se lave men siye atè.
Depi 1994, plizyè milya dola deja depanse nan misyon entènasyonal ak efò pou estabilize Ayiti. Men sistèm ki alimante ensekirite, enstabilite politik ak lamizè a toujou la.
Fwa sa a, nou pa dwe sèlman konbat konsekans yo. Fòk nou atake rasin pwoblèm nan!
san chanjman nan sistèm nan, okenn viktwa kont gang yo pap garanti yon lapè dirab.
The Haitian People's Declaration of Support for President N. Bukele & his mission in Haiti - ¡Firma la petición! https://t.co/fC92myHnZa via @ChangeOrgCentro
Pèp ayisyen,
Dessalines te libere Ayiti, men kèk moun ki te bò kote l te trayi l epi touye l. Moun ki te sanble avè l, ki te pale menm lang avè l, men ki pa t gen menm prensip avè l. Se te trèt ki t ap chèche sèlman avantaj pèsonèl yo, e ki te plonje Ayiti nan plizyè jenerasyon soufrans ak mizè.
Trèt sa yo toujou egziste ann Ayiti. Yo pa eritye Dessalines, yo se eritye trèt ki te asasinen l yo e ki te detwi eritaj li. Genyen ki manm gang, gen lòt ki finanse gang yo oswa ki ba yo zam, e gen kèk ladan yo k ap fè tout sa yo kapab pou anpeche pèp ayisyen an jwenn libète li.
Wi, anpil etranje te piye Ayiti, men anpil Ayisyen te fè menm bagay la tou. Yo te kolabore ak etranje sa yo, sèvi ak zam yo, vann dwòg yo, kontwole teritwa pou yo, epi fè pèp la sibi soufrans moun pa menm ka imajine.
Èske nou panse etranje sa yo t ap kapab fè tout bagay sa yo san èd moun sa yo? Kiyès k ap lonje zam sou nou? Kiyès k ap touye moun nou renmen yo? Kiyès ki vòlè kay nou ak byen nou yo, si se pa menm kalite bandi trèt ak sa yo ki te trayi epi asasinen Dessalines?
Nou kapab ede nou bat yo, men nou pa anvayisè. Nou se moun ki gen kouraj menm jan ak nou. Fòk nou leve kanpe, reprann kontwòl kominote nou yo, epi mete moun k ap fè nou sibi tout doulè sa yo, tout soufrans sa yo, anba kontwòl nou.
N ap la menm bò kote nou. N ap ede nou reprann peyi nou anba men trèt ki trayi eritaj Dessalines yo.
Epi, finalman, Ayiti ap lib.
Pandan semèn nan, MSSP anonse yo jwenn plizyè ka sispèk yon maladi ki rele "Chabon" nan peyi a.
Maladi sila ki ka atake tout moun, si li pa byen jere ka mennen lanmò tou (gen 2 nan ka sispèk yo ki mouri).
An nou gade kèk pwen enpòtan sou maladi sa.
🧵sou Maladi Chabon
1/n
Ayisyen gen tandans ap chèche yon mesi, yon papa, yon chèf ki sanse vin delivre yo nan pwoblèm yo. Mantalite sa se yon eritaj 30 lane Duvalier ak lòt diktatè ki te pase anvan yo. Se yon eritaj peryòd esklavaj la tou kote se fwèt kòmandè a ki te toujou gen dènye mo a.
Demokrasi modèn pa bati sou do yon grenn moun, li bati sou enstitisyon ak lalwa. Nou dwe sispann pran nan anak politisyen popilis k ap prezante tèt yo kòm sèl antite ki kapab delivre nou. Pi souvan, se koze pa yo y ap regle e eksperyans sa ki pase deja demontre sa plizyè fwa.
Les médias haïtiens ne font pas leur travail. Ils oublient leur rôle de garants de la démocratie. Soit ils jouent à l’équilibriste, soit ils font le perroquet. Je n’ai jamais vu une presse aussi paresseuse et collaborationniste. On exige une presse à parole responsable.
Nou gen yon admirasyon avèg pou "chèf", sa vle di moun ki pa respekte okenn règ. N ap naje toujou nan lespri makout la, kote nou panse se fòs ak vyolans ki kapab rezoud tout pwoblèm. Pa enkyete nou, menm fwèt n ap aplodi a, li menm ankò gen pou kale n. Se konsa sa toujou fini.
Konprann pwogram Biden nan sou plan ekonomik. Kijan pou wè koneksyon ant migrasyon ak ekonomi nan dosye sa? Pran kèk minit pou gade epi pataje. Mèsi.
Credit video : @Guywewe
Achiv : Janvye 2023