Ou se Sila 🙏 ki bay kè kontan san mande anyen anretou. Ou pap janm sispann rich an bonte ak mizèrikòd. Se gras ak ou ki fè mwen ak tout fanmi m leve maten an byen vivan. Mèsi pou souf lavi a, mèsi pou yon nouvo jou. ❤️✨
#kwayans#lafwa#gratitid
Jiskaprezan, pèsonn pa konnen sa demen ap pote. Viv chak jou san rezèv, renmen san limit, epi pwofite chak moman ak sajès. ❤️✨
#konsèy#lavi#viv_san_konplex
Pa kite reyalizasyon lòt moun fè w panse ou an reta. 🙄 Chak moun gen sezon pa yo. Sispann konpare tèt ou, kontinye avanse. 🚶🏽♂️✨
#Motivasyon#BriTotiElèvLa
Daprè mwen, fè ti pale ak moun tanzantan ogmante chans ou pou reyisi. Paske pafwa yon bon konsèy, yon bon kontak, oswa yon bon opòtinite ka soti nan yon senp konvèsasyon.🙌
#motivasyon#reyisit#relasyon
Pandan manman w 🙍🏽♀️ la toujou vivan, pa neglije ba li lanmou, tan⏳ ak atansyon. Gen bagay lajan pa ka achte, e prezans yon manman se youn ladan yo. ❤️
Ps; Bonne fête ak tout manman 🙍🏽♀️