Ajans Top Politique te reyalize yon sondaj sou rezo sosyal yo ki te rive touche yon kantite sitwayen serye ak konsyan, nan objektif pou mezire kijan popilasyon depatman Lwès la wè pwochen eleksyon yo ak kiyès yo ta renmen wè reprezante depatman an nan Palman an.
Daprè rezilta sondaj sa a, Mèt Richelier SIMONVIL, jiris, kominikatè ak etidyan master 2 nan lejistik, rive an premye plas, sa ki montre konfyans ak apresyasyon moun ki te patisipe nan sondaj la genyen nan Mèt SIMONVIL.
Richelier Simonvil, juriste de formation et Secrétaire Départemental de l’Ouest 1 du Parti EDE, se porte candidat à l’investiture du Parti pour le poste de Sénateur de la République dans le département de l’Ouest. Nous lui adressons nos meilleurs vœux de réussite.
À l’occasion de la Journée internationale des infirmières – 12 mai
En cette journée spéciale du 12 mai, Richelier SIMONVIL rend hommage à toutes les infirmières du monde, en particulier celles du département de l’Ouest.
Nous saluons leur dévouement, leur courage et leur engagement dans la prise en charge des malades. Leur travail est essentiel pour la santé et le bien-être de nos communautés.
Bonne fête à toutes les infirmières et merci pour vos services rendus avec amour et professionnalisme.
COMMUNIQUÉ DE PRESSE
Réaction du Parti politique EDE à la note d’une coalition gouvernementale accusant le CEP d’avoir mis en veilleuse le processus électoral
Enstalasyon 117 nouvo dirijan Pati politik EDE nan komin Delma nan mwa desanm 2024.
✍🏾 Pour rejoindre le Parti EDE, remplissez le formulaire en ligne ici : https://t.co/OjA711gqgW
Kowòdinasyon kominal EDE nan Delma, sou direksyon Komite Direktè Depatmantal Lwès 1 an, kontinye ranfòse prezans li sou teren an. Dimanch 22 mas 2026 la, manm ak senpatizan pati a te reyini pou pale sou wòl chak sitwayen nan transfòmasyon kominote yo ak pwogrè peyi a. Mobilizasyon an ap grandi, angajman an ap pran fòs.
EDE se Delma, Delma se EDE.
Nan lokalite Bète ki chita nan 5èm seksyon kominal Bèlvi Chadonyè, yè samdi a, Komite Direktè Depatmantal Lwès-1, akonpaye ak Kòdinasyon Kominal Petyonvil la, te reyalize yon aktivite pòt-a-pòt pou diskite ak notab yo. Delegasyon an te pwofite vizite tou Asanble Legliz Siloë an.
Nan lokalite Dèyè Savann, ki chita nan seksyon kominal Granfon, nan komin Kenskòf, yon delegasyon Komite Direktè Depatmantal Lwès-1 Pati Politik EDE a te vizite Lakou Anperè Enock ak Manbo Marie Carmelle, yon espas sakre ki gen gwo valè mistik ak kiltirèl nan komin nan.
Komite Direktè Depatmantal Lwès 1 an te fè yon atelye travay ak Kòdinasyon EDE nan Akayè jodi mèkredi a, anndan katye Senta nan Akayè. Atelye sa a te chita sou pi bon estrateji pou Pati a rive kouvri tout seksyon kominal yo,nan optik pou tabli ak ranfòse ankraj teritoryal Pati a.
Dirijan Kòdinasyon Kominal EDE nan Dèlma te rankontre yè samdi a,ak manm Seksyon Kominal Sen Maten yo nan objektif pou yo pataje lide sou pi bon mwayen pou Pati EDE rive tabli li nan katye ki nan seksyon an. Kòdinasyon an ap fè plizyè jou nan seksyon Sen Maten pou ranfòse Pati a.