Mwen anvi peyi a jwenn yon ti souf: plis lapè, plis sekirite, plis inite, plis opòtinite pou timoun yo ale lekòl san kè sote, pou fanmi yo viv ak diyite, epi pou jèn yo ka bati avni yo lakay yo.
"Benediksyon Seyè a bay lapè pou pèp li a." Sòm 29:11
L'excellence n'est pas une option, c'est un témoignage de notre foi.
Chaque tâche accomplie avec intégrité, chaque enfant servi avec amour, chaque engagement honoré avec excellence reflète notre foi et devient un puissant outil d'évangélisation.
#GrennMoJounenAn#ParoleDuJour
🛡 Protéger les enfants, c’est aussi se former et agir.
Découvrez les mécanismes mis en place par Compassion pour renforcer la protection des enfants, notamment à travers https://t.co/DvbbTGySXC.
▶️ Retrouvez l’épisode complet sur notre chaîne YouTube https://t.co/7hhf3vo7d6
Joyeux Anniversaire à notre Promotrice de Santé Miss Djennise Louis !
🎁🎉🎊🎂🍸🍾🎁🎉🎊🎂🍸🍾
En cette journée exceptionnelle, toute l'équipe du CDEJ HA0986 de Balan te souhaite un merveilleux anniversaire.
https://t.co/qf4LbAWmrL
Compassion fè patenarya ak legliz (aktyèlman 381 legliz patenè), yo nan 8 depatman, epi gen yon total ki plis pase 133 000 patisipan (timoun melanje ak jèn ki enskri nan pwogram nan.
Timoun sa yo se timoun kominote kote chak legliz yo ye.
Chak legliz sa yo gen yon CDEJ(Centre de Développement d’Enfants et de Jeunes).
Legliz la gen obligasyon rekrite staff konpetan pou fè travay timoun yo sou sistèm yo a(Compassion Connect) e sou teren an nan 4 domèn devlòpman : Spirituel, Physique, socio-émotionnel, Économique.
Chak CDEJ gen yon nimewo ki kòmanse pa HA (Haïti)
Egzanp : HA0986 @cdejha0986, HA0159 etc.
Nan tout peyi a yo gwoupe CDEJ yo pa rejyon, answit pa Cluster. Gran Nò gen 5 Cluster, nan 5 lan gen Cluster Cap-Haïtien, li gen 12 CDEJ e gen yon fasilitatè k ap jere chak Cluster, gen yon Manager k ap sipèvize chak rejwon e gen plizyè Senyò Manager k ap sipèvize yo...
Donk nan 12 CDEJ yo : Mwen se Direktè onzyèm nan(HA0986 ki twouve l Balan, Plèndinò), nou gen 252 patisipan.
Mwen gen 3 lòt moun nan estaf la, men CDEJ ki gen plis patisipan gen plis estaf.
Alò se yon Pwogram ki laj e ki rich tou pa mwayen ankadreman yo bay jèn depi soti nan dokiman k ap itilize yo e lòt opòtinite timoun yo jwenn nan pwogram pa rapò ak parenaj la.
Timoun yo antre nan pwogram nan a 3 lane e yo sòti lè yo gen 22 lane, chak gwoup laj yo resevwa yon edikasyon ak fòmasyon espesyal ki adapte ak laj yo.
Se yon veritab machin devlòpman.
Konpasyon fè fòmasyon solid pou estaf yo e dote yo de materyèl ak zouti ki mache ak tan an e teknoloji, jis pou yo byen fè travay la e plis pèfòman tou chak jou.
Aktyèlman mwen kontan paske @CompassionHT kontinye a sòti nan kokiy li pou louvri nouvèl orizon pou patisipan sa yo, e se sa ki koz ou te yon entèvenan.
An gwo se sa ! Mèsi 🤝
31 Janvye ki sot pase laa mwen fè yon eksperyans ekstraòdinè avèk Compassion International Haiti!
Pandan lontan nan Banj nap reflechi sou kijan nou ka kreye yon rezo espas vityèl nan tout peyi a ki ka konekte ak fomasyon kap fè nan espas la. Compassion montre mwen ke sa posib e yo fèl deja nan fason pa yo! Yo gen yon rezo 426 legliz ki gen espas atache a ranfosman jèn!
Pandan mwen chita dèyè òdinatè mwen, yo rive fè mwen konekte avèk plis pase 10,000 jèn on sèl kou nan 10 depatman peyi a. Mwen anime yon fòmasyon sou kijan jèn yo ka prepare yo pou vini lidè kominotè solid pou fè diferans nan zòn lakay yo! Mwen pat sèlman pale. Mwen te gen chans entèaji avèk yo, reponn kestyon ak ba yo konsèy an dirèk.
Mwen vle felisite ekip Compassion an pou kalite mobilizasyon sa ak dispozisyon teknik ke yo te mete an plas pou pèmèt tout lespri sa yo konekte e reflechi sou kisa yo ka pote pou zòn lakay yo.
Mwen te pale anpil de pwogram PIC ke Banj te fè nan tout peyi a pandan 5 lane. Kalite lidè kominotè ke nou te gen chans rankontre nan kad pwogram sa ban mwen anpil espwa pou fiti peyi mwen.
Nan kad Banj 4.0 a nou swete devlope anpil sinèji ak òganizasyon tankou Compassion pou nou akselere enpak ak ranfòse ekosistèm nan tout peyi a!
Yon gwo mèsi ak kondisip klas mwen CTPEA Mc Garry ROUSSEAU, jodia Senior Partnership Manager nan Compassion, ki te envite mwen pataje avèk bèl kominote sa!
CDEJ HA-0986 ap di yon gwo mèsi a @marcalainb pou bèl fòmasyon li te fè jodiya pou tout jèn patisipan ki fè pati tout CDEJ yo nan peyi a.
@cdejha0986 bat gwo bravo pou @CompassionHT ki bay jèn CDEJ yo opòtinite pou tande moun nan kominote nou an ki deja fè gwo eksperyans e akonpli bèl bagay.
Se te yon bèl eksperyans, yon bon kout pous, yon bon ranfòseman, e yon bèl opòtinite ki pral ede jèn yo pran responsablite yo nan fason y ap devlope tèt yo ak kominote yo !
Bravo ! Mèsi 🤝
Tout CDEJ yo nan peyi a pral gen chans tande yonn nan modèl nou gen nan kominote nou an...
Mèsi @CompassionHT
Se pi gwo bagay nou te ka fè pou jèn nou yo nan CDEJ yo.
Byenvini @marcalainb !
Nou tout bezwen grandi kont X nou,
Malerezman nou p ap ka fè l san nou pa gen abòne !
👉 Fè pòs sa rive lwen, swiv tout moun ki pral like li.
👉 Pa bliye lè yo swiv ou, ou dwe fè l bak.
Pa fè rasis !
⚠️ Afriken yo mete tèt yo ansanm nan sans sa anpil : kont lan ka gen mwen pase mil abòne epi l ap 10k like.⚠️
Pi gwo pwoblèm kominote Ayisyen an sou X se paske kont ki gen plis pase 25k abòne yo pafwa pa reyaji ak pi piti yo.
Ann bay yon lòt egzanp ! Nou yonn bezwen lòt.
M ap fè yon pòs konsa chak maten !
🤣🤣🤣
Let's goooooo !
ESTAF JEDIMANTAL la ap remèsye w pou sipò ou, konsèy ou ak akonpayman w, kit se an prezansyèl, kit se sou rezo sosyal yo pou ane 2025 lan, pandan l ap tou pwofite anonse ou seyans yo ap rebalanse apati 12 Fevriye 2026, nan lokal MIEFH la ri 21 K Okap, 4 è nan apre midi.