Menm lè ARGENTINE ta nan menm poul ak HAÏTI. Nasyon rasis sa pa tap janm konekte ansanm ak nou konsa 🤦🏽♂️
M pa konn sou ki baz, yon ayisyen ap chofe yon nasyon ki pa bal regle anyen pou yo. Gad BREZILYEN yo ak nou🤌🏾 Waow 😍😍
Pandan n ap priyorize sekirite, peyi a bezwen yon stad ki rele Stad, se pa Sylvio Cator non. Stad la pa oblije nan repiblik Pòtoprens e li pa oblije yon pwojè leta. Majorite Stad nou wè nan mondyal la pa Pou leta, se Stad prive yo ye. Sa n ap fè?
Tout pale anpil sa yo montre gen nan nou ki poko reyalize vrèman nan ki nivo Ayiti rive jodi a. Mwen te kwè reyalizasyon istorik sa a t ap mete nou ansanm, menm si se te sèlman pou yon mwa.
Kijan nou espere enspire pwochen jenerasyon an si se konsa nou trete moun ki rive fè sa okenn lòt jenerasyon pa t rive fè pandan 52 ane?
Pa gen moun ki pafè. Nou pap janm nan plas Grenadye yo sou teren an. E mwen garanti nou yon bagay: pèsonn pa gen plis anvi fè gòl, genyen match, epi fè Ayiti fyè pase jwè sa yo. Se ak motivasyon sa a yo te rive kalifye, pandan yo pa t menm gen chans jwe nan peyi, e pandan majorite nan nou pa t menm konnen kiyès yo te ye.
Kritike se yon dwa. Men rekonèt efò, sakrifis ak grandè reyalizasyon ti mesye yo se yon responsablite tou.
Pou Ayiti. 🇭🇹
First @FIFAWorldCup forced Haiti to remove symbols honoring Vertières from our jersey. Now Haiti leaves a World Cup match with legitimate penalty appeals ignored. We don’t ask for favors. We ask for fairness. #Haiti#WorldCup2026#Vertières
Brezil pral jwe m pa santi sa kote m ye a.
Il faut dire que… c’est quelque chose qui m’a beaucoup étonné…Bon! qui m'a étonné à moitié quand même… C’est… qui ne m'a pas étonné du tout parce que je m’y attendais et ça m’a surpris
😂 😂
It is crazy how a single moment of misunderstanding can become so toxic that it makes you forget the thousands of lovely moments you have spent together with someone. Anger has a terrible way of rewriting history.
Afe nou panse depi nou te fe byen pou yon moun
Sa ban nou tikè pou n fel mal jan nou vle apre a, se manti🙌🏾
Pa paske w te ede yon moun pandanl an difikilte pouw panse w tou gen dwa pouw fel saw vle apre
Anpil fwa nou rale zèl kat engratitid lan pou n repwoche moun, se nan kontèks sa
Yon moun ou te ede pa otomatikman tounen esklav ou
Yèswa m ap Gade yon video yon machann Okap ki di li gen 15 lane l ap vann pèpè bò lari a. 15 lane chita bò lari leta san patant e pa janm peye enpo. Jou n ap fè peyi, menm si se yon grenn ze yon moun deside vann, fòk li al la mairie avan al fè patant. Nou pa ka kontinye ap asepte sa nan yon peyi.
Mwen pa konn kiyès ki bezwen li sa maten an, men lide m di m di w sa k anpeche w avanse a pa pi fò ke Bondye ki kreye w la, fè l konfyans epi l ap aji.🙏🏽
Itilize Ai pou ede w nan travay ou, ou ka ekri yon bagay li pote koreksyon, li ka ba w yon ide de kisa pou w chanje nan yon projè, li ka pote konsèy, li ka amelyore yon pèfòmans, men si w jis pran Ai a ou vòlè travay li san w pat ajoute anyen, toujou sonje ke ou san konpetans
Pi gwo manti anpil moun ap viv ladan l se panse yo gen anpil TAN.
Se sa ki fè yo toujou di:
“M ap fè sa pita.”
“M ap kòmanse ane pwochèn.”
“M ap tann bon moman an.”
Men anpil fwa, “pita” se simityè anpil rèv.
Nan kèk ane ankò li pral tèlman fasil pou tout moun fè [bon] mizik ak AI ke fè mizik an li menm pap sifi pou fè yon moun “Atis”.
Li pral mande pou moun sa gen anpil pèsonalite ak “charisma” pou pèse.
Nan kèk ane enfliyansè ak pèsonalite ka vin pi popilè ke tradisyonèl “Atis”.
Mo Kreyòl: Ka pèdi
Anglè: Lost cause/ Waste / hopeless case
Fransè: cause perdue / Perte/ cas perdu
Ka pèdi: yo itlize li pou dekri yon moun, yon pwojè, oswa yon sitiyasyon ki paka sove, oswa ki pa gen anpil chans pou amelyore.