Pandan m ap monte FASCH talè a m kwaze ak yon nèg ki wè m ap chante. Misye di : "Yow ou t ap fè yon bèl rapè wi. Epi w gen resanblans Fantom."
Pou dezyèm konsta a, gen anpil dout. Men premye a se pa manti. E m pa ko konnen si m p ap reveye Lil Bill.
Depuis la Place Rouge de Moscou, en plein cœur de la capitale russe, tu t'accroches à une énième fête de naissance. C'est la première qui accuse une distance physique entre nous. Je te câline en réitérant mes promesses de frère. Je t'aime. Bon anniversaire ! P-au-P te salue.
Dimanch maten sa la. Mom t ap fin kuit mayi a. M t ap fin manje apresa ale netwaye soulye yo. @chaim_dore ta pral mete dlo nan douch. Tout moun benyen. N ap mete menm chemiz, menm pantalon. Dam nan ap mete nou devan epi legliz tèt dwat. Lè nou antre a 11è pou manje a fèt.
🤦♂️🤦♂️🤦♂️
M gen yon ti nyès mwen, m renmen l anpil. Ane pase li te apèn kòmanse ak etid primè l. Lè l fèk pran kanè, li fè mwayèn 9. Li kouri pran telefòn sè m. Li rele m di m li fè mwayèn nèf pou m pote kado pou li. M te toujou kontan wè jan li eveye. Li abite lyankou, epi lekòl lyankou.