Lavi An Di'w Ann Ale Men Li Pa Janm Di'w Ki Kote L'ap Rive Avè'w
Se Tankou Yon Balon Ki Anlè Men Ou Pa Janm Konnen Ki Kote Ou Pral Tonbe💯
#LaviLavi#Life💥💯
Listwa Paka Efase
L'ap Toujou Rete Grave
Byen ou Mal
Jodia Jwe Yon Gwo Wòl Nan Sa Wp Ye Demen
Swanye #Moun Ou Ye An, Swanye #Imaj Ou Pou'w Pa Parèt Flou💯💥
#JodiAkDemen💯
Toujou Kiltive SAJÈS Ou🙏 Se Yonn Nan Bagay K'ap Pèmèt Ou Rive Lwen Nan Lavi. AWOGANS Pap Mennen'w Okenn Kote Ke Redwi'w Sou Chemen'w! Lè'w S'on FOUMI Ou Vle Devni Yon ELEFAN, Ou Dwe Saj💯 Men Ak Sajès Sa Tou, Pa Kite Moun Pyetine'w💥
#SajèsSeFòs#YCPromo
Anpil Fwa Paran Ayisyen Konfonn "PALANPIL🗣" Ak "DYALÒG😊".
PALANPIL= Antre Nan Zorey Dwat Soti Nan Zorey Goch
DYALÒG= Ou Tande, Ou Analize Epi Ou Mete An Aplikasyon💯
#DyalogSePilyeToutLyen💯💥
Pami Mouch Ou Pa Konnen Sa'k Mal Ni Sa'k Femel! Gen Moun Ki Pran Plezi Itilize Bouch Yo Jan Yo Vle, Nenpòt Kote Yo Ye, Yo Mèt Pa Byen OKouran De Yon Sitiyasyon Yo Komante Jan Yo Vle.
Fè Atansyon Ak Bouch Ou, Li Pa Dwe Twòp Pou Ou, Ni Pou Lòt Moun!
Sosyete An Se Pi Gwo Jij Ki La Pou Jije'w E Plase Etikèt Sou. Ap Toujou Gen Sa, Se Ou Ki Pou Konnen Kiyès Ou Ye, Pa Kite Moun Défini Lavi'w, Listwa'w Pa Dwe Gen Lòt Otè Ke Ou. Y'ap Bò'w Etikèt Ki Pa Menm Sanble'w Men Sa Pa Dwe Ralanti'w Sou Chemen'w Pa Bliye Ke'w Chaje Misyon💯💯