YON ELIT IPOKRIT
5 dènye ane sa yo pa te sèlman pèmèt nou dekouvri enkapasite politisyen nou yo. Yo pèmèt nou wè, klè tankou dlo kokoye, limit ak gwo bluff ki kache dèyè yon pati nan medya a, jounalis yo, elit ekonomik ak entelektyèl yo, atis ak animatè yo.
Nou te konn panse yo te gadò verite, defansè koz majorite a. Men kriz la retire mask la. Li montre nou kijan anpil ladan yo kanpe dèyè yon ekran lafimen, plen ak sann awogans ak ipokrizi. Pawòl byen mare, gwo analiz, ton otorite… men lè moman verite a rive, se swa silans, swa devyasyon.
Anpil ladan yo pa janm vrèman enterese ak majorite pèp la. Ajanda yo souvan pa ajanda nasyon an. Se kestyon viza, TPS, azil, dola, paspò, sèks, relasyon, enterè pèsonèl, klan ak gwoup kap regle. Sistèm nan mare yo youn ak lòt. Se yon “viv ansanm” ki pa ekzibe mitrayèt li piblikman, men ki byen òganize nan defans enterè pa yo. Ou manyen youn, ou souke tout chenn nan. Se yon rezo solidarite enterè, pa yon solidarite prensip.
Se sa ki fè anpil pa ka pale lib. Yo pa ka kritike estrikti ki ba yo opòtinite, ki ba yo kontra, ki ba yo mikwo, ki ba yo aksè. Lè w depann de sistèm nan pou viv, li difisil pou kanpe anfas li. Lè yo peye w, dirèkteman oswa endirèkteman, ou pa ka fasilman denonse manti sistèm nan ap pwodui.
Sa pa vle di pa gen moun serye ladan yo. Men reyalite a montre nou gen yon pwoblèm endepandans ak yon pwoblèm entegrite nan espas piblik la. E pandan majorite a ap soufri, anpil nan sa ki ta dwe limyè tounen lonbraj.
Yon egzanp klè se lè w wè elit nou yo ap sibi menm presyon sikolojik ak ti pèp la sou kestyon imigrasyon Ozetazini.
Petèt pi gwo leson 5 ane sa yo ban nou, se pa mete okenn moun sou pedestal. Ni politisyen, ni medya, ni elit ekonomik ak entelektyèl. Se vijilans sitwayen ki dwe dènye baryè kont manipilasyon. Paske lè tout aktè yo mare nan menm sistèm enterè, se majorite a sèlman ki rete pou defann verite a.
3 habitudes simples pour booster ta confiance en soi :
- Parle-toi avec bienveillance 🤝
- Bouge ton corps chaque jour 💃
- Célèbre une petite victoire 🏆
La confiance se construit au quotidien. Commence aujourd’hui.
#ConfianceEnSoi#Motivation
@K_ro509@Tonymixhaiti Sak pi di a yo tout pase nan tout émission yo, yo frekante menm moun yo. Lè yo nan micro moun sa yo ou tande yap di jan moun sa yo bon moun. Ebyen nan ka sa genlè se fanatik yo ki pa bon😂😂😂
M sezi wè pou yon koze #BallonDor kèk journaliste pataje opinion e fè analyse sou li anpil Ayisyen ap montre nivo haine yo pou opinion ak analyse ke moun sa yo fè, se vrèman regretab e sa montre ke anpil nan nou poko pare. Anpil respè pou yon moun tankou @GregoryCiel kouraj 🙏🏿