#𝐈𝐦𝐦𝐢𝐠𝐫𝐚𝐭𝐢𝐨𝐧: Youn nan bagay ki pi enpòtan lè w vin viv nan #Etazini se sekirite ou. Pa gen moun ki negosye #sekirite pa bò isi. Se vre nou sòti nan yon peyi kote gang ap mache gran jounen epi dechèpiye moun men pa bò isi gen pwoblèm ensekirite tou.
Banm touche kèk gwo pwoblèm ak nou paske w pa janm konnen sa kapab sove lavi.
▪️ Lwa pa bò isi rekonèt tout sitwayen kapab gen zam pou defann tèt yo, gen Eta ki ale pi lwen ke sa, non sèlman ou ka gen zam lan lakay ou, nan machin ou, ou ka mete l bò bouda w tou pou fè kèk vire.
▪️Kote lakay nou, nou konn rive kay vwazen an pou ale chèche dife, pa bò isi pa gen bagay konsa, gen nèg ki konsidere “backyard ” yo tankou salon yo kidonk si yon nèg jwenn ou nan lakou li, li ka fè ladènye sou ou. Lè timoun yo ap jwe boul pa janbe baryè pou rive pran boul san w pa mande, sa se gwo danje.
▪️Nou tout konnen zafè « mass shooting » lan tounen youn nan mannyè pèp ameriken epi majorite ka sa yo se moun peyi a ki fè yo se pa imigran. Bagay sa fè anpil viktim kidonk fè anpil atansyon ak foul, lè yon « shooter » ap frape li pa ale dèyè yon grenn moun, motivasyon l yo konn anpil tou: rasis, revanj…
Nan zafè sekirite se pwoteje tèt ou dabò, pa pran pòz ou pa pése , depi ou sispèk yon zen, yon kote ki ka gen tire jete w , nèg isi rale zam pou dan ri, epi yo souvan fou yo pap rale l pou granmèsi. Mwen pale nou wi! Mwen pa pral nan antèman pèsonn moun ke m te deja pale.
Si ou sispèk ou pa an sekirite yon kote, rele 911, yo bay sèvis entèprèt nan 173 lang, ou ka text tou se yon dènye « update » ki fèt sou sistèm lan, si ou tèks an Kreyòl gen yon lojisyèl ki ka tradwi nan 200 lang diferan jiskaske yo konprann mesaj ou an.
Pòs sa kapab sove lavi, si ou jije li enpòtan pataje li ak lòt.
#Security #SafetyFirst
In May 2015, school bus driver Melinda Sanders almost killed Ally Rednour after she failed to realise the young girl was trapped by her backpack in the door of the bus.