Ameriken kondane Guy Philippe pou blanchiman lajan.
Aksyon yo repwoche l yo te fèt ant 1997 ak 2001.
Nan moman sa a, enfraksyon ki rele Blanchiman an pat egziste nan dwa ayisyen an. Sa vle di Guy Philippe pat komèt pyès enfraksyon an Ayiti. La jistis ayisyèn pa t ap janm ka kondane l.
Pou premye fwa, se nan ane 2013 yo pral vote yon lwa pou sanksyone blanchiman lajan nan peyi a. Sa vle di, puiske la lwa pa gen efè retwoaktif, yo pa t ap janm ka aplike tèks sa a pou yo jije l pou aksyon li te fè nan ane 2000 yo.
Dezyèmman, depòtasyon fòse ki te fèt sou Guy Philippe la ilegal. Enkonstitisyonèl. Sa vle di, selon konstitisyon peyi a, Guy Philippe repite pat janm kite Ayiti.
Gen avoka oubyen jij ki ka menm deside pa rekonèt otorite desizyon sa yo an ayiti. Konsènan absans Guy sou teritwa a, yo ka di w tou se pa ton bagay ki te volontè.
Twazyèmman, dwa konstitisyonèl ak dwa penal se 2 branch nan disiplin sa a ki lye entrensèkman ak souverènte chak Eta. Se sa k fè, yo gen yon aplikasyon limite nan yon teritwa done pandan tan yo an vigè a.
Sa vle di, si lejislatè a vle aplike yo pou kèk reyalite etranje ak teritwa nasyonal la, fòk genyen yon tèks espesyal pou detèmine kòman sa dwe fèt.
Jijman yo pwononse kont li etazini a pa sipoze kapab pwodui pyès efè jiridik an ayiti jiskaske pou l ta pèdi dwa sivil ak politik li.
Kòman w ka anpeche yon ayisyen egzèse dwa sivil ak politik li paske l te gen yon konpòtman nan yon moman ke la lwa pat penalize ?
Mwen sezi tande yon bann avoka k ap eseye montre sa k kontrè a pandan y ap site yon bann adaj laten ke anpil ladan yo pa menm konprann anpil fwa.
Si n ap fè dwa, ann fè dwa, si n ap fè politik ann fè politik.
Mwen se Windy Phele.
🚨 TERRIBLE ! Le roi Pelé est décédé ! 😢
La légende brésilienne du football, le seul joueur de l’histoire à avoir remporté trois Coupe du Monde, nous quitte à l’âge de 82 ans… 🕊️
RIP LÉGENDE 👑 🇧🇷
Nommé, hier lundi, personnalité de l'année par le magazine américain Time, le fantasque Elon Musk, patron de Tesla et de SpaceX et homme le plus riche de la planète, ne fait pas l'unanimité, suscitant à la fois admiration et critiques.
Dossier de l’assassinat du Président Jovenel Moise l’ex Chancelier Claude Joseph annonce qu’il va répondre à l’invitation du juge Garry Orélien. Les assassins du Président ne peuvent ni m’intimider ni me faire fuir déclare Claude Joseph