Lanmò 100 jou achte yon pakèt flè pou li voye nan Monkamèl, li gen 80 mil dola ayisyen e 5 mil us pou voye Monkamèl, kiyès ki pral resevwa lajan sa yo ak flè a? Eske Legliz Katolik pral asepte bagay sa yo nan men lanmò san 100? Kiyès ki pral pote bagay sa yoSodo ?Vyèj mirak Sodo
Nou paka ale nan eleksyon ak konstitisyon 1987 la, imajine chak azek se reprezantan yon abitasyon, an nou di; 10 abitasyon pou chak seksyon kominal 570x10 = 5700 azek, + 570 ktél kazék ×3=1710+ 450 majistra+120 depite,+ delege vil,+ senaté ki kote nou pral mete yo?, pou fè kisa?
Pap gen eleksyon se demagoji Fils Aimé ak tout kep ap fè, kolon blan yo pa vle eleksyon an Ayiti, yo tap pase esklav Fils Aimé lòd, objektif entènasyonal la se redwi Ayiti nan nivo ki pa ba a, e mete ayisyen nan yon sitiyasyon envivab, se sèl yon revolisyon ki pou sove Ayiti.
Pandan pèp ayisyen nan mizè Alix Fils Aimé ap flannen nan yon jét prive ki koute leta ayisyen 5000 us chak 60 minit, nivo jouisans ti jouisé sa nou panse li pral fè eleksyon? Paka gen manifestasyon sou béton an, Alix achte yo, Alix mete manje nan djòl politisyen tradisyonél yo.
Depi maten moun nan sid mobilize ap tann Nazon, moun ilavach fè gwo preparasyon ap tann Nazon, zantray lakay nan kanperen fè gwo preparasyon pou resevwa Nason, li gen pou l vizite kay li te fè pou peyzan 2e seksyon kanperen, moun nan sid ap chèche Nazon ak bwa pen gwo midi.
Jodi a se anivésé asasina prezidan Jovenel, blan meriken, jistis ayisyen ap fè dilatwa, depi lè a eleksyon paka fèt nan peyi a, blan meriken ak raketè politisyen ayisyen ap fè dilatwa, depi lèsa se 3 bandi kap dirije peyi a,bandi asapat, bandi avès, bandi entènasyonal. Men Ayiti
Parti de la Rénovation Nationale d Haiti mande demisyon ti Alix ki pap regle anyen nan peyi a se travay mét li yo lap fè, se separe pouvwa ak tout ansyen vóló parey li yo, prnh mande pou kraze konseil elektoral pwovizwa a, se eleksyon yo vinn fè pou blan. mobilizasyon manch long
Swadizan dirijan nou yo pa gen anyen kom elegans, ekip football ayisyen sot fé bèl demonstrasyon sa a, gouvénman an ta envite jwè yo Ayiti, felisite yo, dine avè yo, zafé kilti moun sa yo se zewo, se vòlò yo ye, yo pa janm fé anyen pou Nerilia ak Melchie, se krazed peyi yo ye .
Gen plis pase yon semén pa gen siyal digicel nan depatman an, w gen lajan sou mon cash w li bloke, w fè yon plan pou yon pakèt lajan, digicel touche lajan san li pa ba w sévis, popilasyon an pa gen kote pou li pote plent, w jwenn lanmò 100 jou sou tout fóm, tout se volo
Nou gen plis pase 5 lane depi lentènasyonal la ap mande pou eleksyon fèt nan peyi a, chak premye minis yo mete: se pou ranfòse ensekirite a, se pou femen peyi ak lavi chè, se pou imliye ayisyen, pap gen eleksyon, se nan kk yap pase ayisyen, nou dwe leve kanpe kont malfektè yo.
Lè w gen dirijan mal pwop men sak pase, lwa elektoral di, yon moun ki gen sanksyon pap ka patisipe nan eleksyon, kolon ki chaje dafè nan anbasad l di, moun ki sanksyone yo ka patisipe nan eleksyon, si gouvénman ayisyen an te gen moun, li tap deklare chaje dafè a pesona non grata.
Nan gran sid moun yo two pasifik, yo asepte tout bagay, nan chak pomp gazolin lan vann yon pri, 6 us, 6,10 us, 6,15 us, tikè davyon vann tèt nég, se kontrebandye ak raketè ki fè transpo machandis ak moun, se volè lap dirije peyi a, jodi a se moman pou nou revolte kont enjistis.
Moun nan gran sid two pasifik, yo asepte tout malpwopte gouvènman kriminèl Alix Fils Aimé a, galon gaz nan gran sid vann 6 dola us, tikè avyon vann jiska 2 mil dola us, se sèl kontrebandye ak raketè kap fè lajan, moun yo vin pi pòv chak jou, yo asepte tout salopri
Pandan nou nan mondyal pwoblèm peyi a ap agrave pirèd, Alix Fils Aimé toujou nan tét pouvwa a, Erick Prince ap ranfonse ensekirite a pi plis, galon gazolin lan toujou 6 dola ameriken, KEP a toujou paka fè eleksyon, pèp la toujou nan mizè, veye yo.
Lè pou prezidan Duvalier te konstwi èpòt sa oken peyi nan mond lan pat vle ede l, se marathon ayisyen te fè, makout yo te al travay kom volontè gratuit, Cambronne ki te minis travo piblik monte sou traktè l, ke ameriken al cheche kote pou li fè baz li a, Didier listwa ap jije w
Peyi a bloke nan men Alix,li paka fè eleksyon,li paka debloke wout yo,lavi a vinn pi chè chak jou,bandi yo rive nan sidès,kontrebann siman an ap vale tèren, èpòt entènasyonal Francois Duvalier a tounen depotwa ameriken,peyi a kanpe an mòd rezistans pa two lontan li pral eksploze
Sibvansyon Gaz se sèl ti priviléj pép la jwenn nan men leta, gouvénman kriminèl potoprens mete gaz la 800 goud atoufé asasen okay yo mete 75 goud sou pri ofisyèl leta kriminèl la, konbyen gouvénman ki gen nan peyi a? Raketé, kriminèl, gansté pran peyi a an otaj, ki objektif yo ?