Responsab Sant lan ap mande popilasyon an pou yo akonpaye teknisyen yo kap nan lari pou enspekte epi repare rezo a.
Sant lan ap mande w pase regle dèt ou te genyen anvan mwa dawout 2022 an, pou w ka toujou jwenn kouran. Peye pou sa w jwenn lan pou n ka kontinye alimante w.
Sant Semi Otonòm EDH Okay la, salye tout popilasyon sid la, abòne li yo an patikilye. Sant lan ap remèsye kliyantèl la pou pasyans yo nan move moman yo. Li pwofite okazyon sa pou anonse yo, Santral Boudèt la resevwa yon kamyon nèf (9) mil galon gaz nan dat lendi 13 fevriye a.
Sant lan ap enfòme kliyantèl la, li pa gen kabiran pou li alimante vil la aswè a jan li konn abitye fè li. Se akoz founisè ki konn vann li gaz la pako vin fè livrezon an. Responsab Sant lan ap mande nou pran
yon ti pasyans annatandan gaz la vini.
Sant lan ap enfòme kliyantèl la, akoz founisè ki konn livre
Sant lan gaz la gen reta nan livrezon li sa fè nou oblije pap ka alimante vil
la aswè a ak demen jan nou konn abitye fè li a. Responsab Sant Lan ap
kontinye fè demach pou pèmèt kliyantèl la jwenn kouran.